Dilèm epz 5

Lè manzè debake tou anpenpan, makiye sou konn madigra epi li tonbe sou mwen nan salon an, defile a kanpe sèk.
Li tante yon dènye may :

  • Alfred? Sa w genyen cheri? Ou pa santi w byen ? Apa w gentan vini

M jis ba l yon michan rega , li gentan sou men l. Epi m di :

  • Nan ki salmannanza w ap tranpe la?
  • m sot regle zafè m Alfred… Rete
  • Repons sa pa ase klè pou mwen non
  • Alfred ret trankil tande, si gen yon bagay ki te fè m damou w se paske ou entèlijan. Alòs ou panse se ak ti kaka aran w ap touche nan lapolis la ou fè tout tan sa ap okipe nou. M pa janm fè w egzijans non, se vre ou jere gwo moso yo tankou lekòl, kay, manje men se pa tout tan m jwenn rad pou m mete nan biznis manman m nan ni e pa tout tan parenn mwen voye yon monnen pou mwen. Dayè sa fè lontan m evite pran bagay nan men yo, paske yo pale w mal kont yo.

Pawòl yo pa t dous, sitou se te verite yo te ye.

  • Machè depi lè nou fenk ansanm mwen toujou kite gwo ouvèti pou dyalòg, m konnen sa fè kèk tan vre m neglije w sou yon seri de pwen men m gen rezon valab pou sa. Epi tou ou te ka fwote ak tout jan de moun, men ou konnen m nan lapolis epi se ak kalite moun sa yo w ap fwote. Ou wè nan ki tray ou lage m?

Dènye pawòl yo se te yon fason pou m te wè si se nan yon koloni malfra ke li antre vre e malerezman repons li an konfime sa mwen pa t vle e m potko prè pou tande a.

  • Ebyen sa w ap fè?
    W ap arete m?
  • Sandra pa rann bagay yo pi grav tande, se lavi ni mwen, ni Leila podyab ki fin konvèti an e ki pè pou malè pa rive w, ak pa w tou w ap met an danje.
  • Leila konvèti? Ki Leïla?

Manzè kage tèt epi l pete yon sèl ekla ri sou konn sòsyè ki konn nan fim yo. Bò kote pa m sanm t ap bouyi, paske sitiyasyon an te kòmanse depase m seryezman. Epi li kontinye pou l di :

  • Annn kounya m konprann, e pitit mwen pou li ta ye vre.
    Alfred cheri, sanble akoz kesyon sikilasyon sa se sou sèl kantite machin ki boule limyè ou ka mennen ankèt. Men Kòm nou nan yon pwen kote nou pa ka fè bak ankò, m ap mete w klè.
    Leïla pa t janm korije tande, apèn li te sòti kote ou te fè fèmen l lan se nan aktivite l yo li te vle tounen ankò.
    Malerezman pou li yo pa t pran l paske li te gentan yon kat make epi m te gentan pran plas la tou. Dayè repitasyon madan polisye a te fè bizaman yo renmen m tankou lè ou gen yon sòlda nan kan ènmi an k ap enfòme w de sa k ap pase. Epitou m fè machandiz yo pase pi byen.
  • Sandra sa w ap di m la a? Ki machandiz ? Bon nan kisa m pran la a menm?

Kè m t ap bat fò sou konn li te gen yon bann ti ouvriye anndan l ki gen mato nan men yo k ap eseye frape an menm tan jouktan li pete kò m sot deyò. M te panike nèt, de menm ak de pye m te gen latranblad. Sandra menm te ret byen kalm pou l di m.

  • Si gen yon bagay m kwè nan li avèk asirans se lanmou m gen pou ou a Alfred. Ou met kwè m, mwen pa tranpe nan zafè touye moun. Mwen jis gen yon kagezon dwòg m ap fè pase pou yo pandan yon peryòd epi pou fini, y ap banm yon kòb, mwen poko deside kisa n ap fè fè avè l.
  • N ap ?
  • A sispann ak koze mache dwat ou a pou yon ti tan. Imajine si w rejwenn mwen cheri m ap ka fè plis machandiz pase epi ap gen mwens risk toujou. Lè nou fin onore kontra a, ou p ap menm bezwen al pase tout mizè w ap pase chak jou yo non tèlman n ap gen biyè nan men nou. Sa w panse cheri?

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer