Dilèm epz 4

Se bagay ki deranjan lè se ou ki abitye poze kesyon nan koze mennen ankèt epi se ou ki pral reponn kounye a.

Paske lè se sèl ou ki polisye nan yon zòn epi yon moun mouri , sitou anba bal, ke yo sispèk ou oubyen yo pa sispèk ou. Ou sipoze gen kèk mo pou di kanmenm.
Se pou sa depi alavans mwen te byen chwazi sa mwen pral di lè yo vin sou do pye m. E mwen te evite mete epizòd ti pale mwen te fè ak defen an pou bagay la pa mangonnen nan men m plis ke jan l ye deja.

Nan demen mwen fè yon fent al travay epi m al poste yon kote pa twò lwen epi ki pèmèt mwen byen wè devan lakay la. Machin vèt pwa frans lan pa t pran tan pou l vini, madanm mwen gade anwo li gade anba epi li monte. Dayè mwen p ap di madanm ankò paske a pati de moman sa san m te kòmanse tounen dlo pou li. Machin nan te derape byen rapid, tan pou mwen frete yon moto pou al swiv li, li te siman gentan nan yon bèl distans . Men mwen pa nan sikilasyon pou granmesi, mwen konn sa k ap pase nan tèt tout chofè ki pa anvi mize nan wout, donk ki wout yo pi fasil pran sitou si se yon moun ki pa anvi kwaze ak chèf tou. Gras ak kapasite sa epi yon gwo ponyen chans tou, mwen rive gide chofè moto a jouktan nou rejwenn tras machin vèt la.

Nou debake nan yon zòn menm rad ou si l gen yon tach sou li. Y ap wè sa nan zòn nan telman tout ti kwen pwòp. Epi mi yo disèt wotè, kòmsi yo te anvi karese nyaj yo. Pouswit la ta pral kanpe rapidman, mwen jis fè kèk foto plizoumwen klè de Sandra kote li desann machin nan pou l antre nan yon gwo baryè ( machin lan te ret deyò ) epi foto nèg ki t ap kondi an tou.

Mwen pa t ap ka antre pi fon paske non sèlman pa t gen anyen ki te pwouve ke se yon move aktivite ki t ap regle, e menm si se te sa sèl grenn mwen pa t ap ka metrize yon kantite moun anndan an ke m pa menm konnen. Anfen sof si se yon fim m t ap jwe. Alòs mwen fè demi tou, mwen pran yon bon beny dlo glase epi m ret chita nan salon an ap tann Sandra retounen…

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer