Dilèm epz 3

Bò lakay mwen te gen yon jenòm lang li pa ret nan bouch li menm, mwen kòmanse pa bat vant miche avan pou m wè si li te ka ede m konn plis bèy sou deplasman moun yo lakay la. Li te di m tout sa m bezwen san grate tèt, se te pou yon bon pati rekonans, paske lane pase yo te kenbe l nan vòlè bekàn, si se pa t mwen ki te rale l nan men moun yo , yo t ap fè tèt li tounen paswa tèlman yo t ap fè tou ladan l.

Gen de enfòmasyon yon nonm ap ba w sou moun lakay ou, w ap mande si moun sa pa t vale yon kamera , si l pa gen yon entansyon swa pou madanm ou oubyen pitit la osinon moun sa pa janm jwenn anyen pou l fè ak tan l.

Miche te tèlman ban m enfòmasyon m oblije ekri enpe nan yon ti kanè.

  • Se sa yo sèlman m ka di w wi chèf la

Sèlman? Li fin dezabiye antre sòti madanm mwen, epi pou li se pa ase non.

  • Mmm, pa gen pwoblèm , kenbe sa nan men w . W a achte yon pate, epi m espere ou konnen ke konvèsasyon sa p ap pran lari. Li ka pa yon bekàn men m ka toujou kreye yon dosye fil kouran pou ou wi.

M pa t gen lentansyon fè sa vre, men ti presyon an te nesesè.

  • Non chèf la, ou pa bezwen rive jiske la.m pa konn nan pale afè moun. Kòm ou mande m, m rakonte w.

Se konsa mwen te aprann ke madanm mwen sòti regilyèman kat fwa nan yon semèn menm jou menm lè a. E lè li pa sòti poukont li, pafwa yon machin vèt pwa frans ( se koulè sa miche te di m) konn vin chèche l.
Pou Leïla menm anyen pa t vrèman biza, li te toujou yon pye poudre , sof ke mwen te gentan gen kontwòl kote l ap pile.

Premye sa mwen fè se mande konje yon jou mwen konnen Sandra ( madanm mwen) ta dwe sòti pou m wè reyaksyon l, aprè sa m di pwochen jou a m a al swiv li.

  • ou p ap al travay maten an
  • Non m pran konje, dat m pa pase yon ti jounen avè w. Mwen te vle fè w sipriz la epi Leïla al lekòl , dat m pa tire lajounen.

Mwen te atann li ta pral nève men o kontrè ,li fè m pase yon jounen ki depase kad lòdinè. Nan pita menm se wololoy, mwen dòmi sou kou pipirit.

Blòk 7 è nan maten, yon kokennchenn rèl reveye m, m fin asire m ke pa gen pyès danje lakay la. M sot deyò a , mwen jwenn yon foul moun rasanble, lè m mande sa k genyen yo ouvè ban m pase.
Epi m wè ti jenòm ki te ban m enfòmasyon yo , rèd kou ke makak k ap benyen nan yon ma san nan mitan lari a…

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer