Dilèm epz 2

De mwa aprè, mwen te fin fè yo fèmen Leïla nan lespwa l ap korije, se pawòl sila mwen te resevwa nan men madanm mwen. Malgre mwen te fè l konprann ke chwa a pa t fè m plezi , m te blije fè l pou fanmi an pa kraze nèt pi devan. Sè l mo li te kenbe an se te  » kraze  » paske li te fè m konnen si m pa kale l pitit li, n ap fon kraze kite sa.

Ou konn wè lè ou rive antre tèt ou nan yon espas kwense, jan rale l sòti konplike sou konn tèt ou vin pi gwo ?

Ebyen se nan yon sitiyasyon konsa m te tonbe.
Pa fè yo libere ti kòmè a se fè yon kwa sou sèt lane relasyon ak moun mwen pi renmen sou latè a. Libere l menm se riske viv tou lè jou bò kot yon jenn fanm ki siman plen lide revanj nan tèt li ki fenk kòmanse donnen.

Finalman mwen chwazi opsyon ki p ap fè mwen pèdi ni sak ni krab yon sèl kou a.

Kontrèman ak sa mwen te panse, Leïla te vin trè dosil lè li retounen. Men, m te toujou pridan ak manmzèl. M te konsidere l tankou yon lanmè k ap rale dèyè l timidman, epi ki pral retounen ak fòs.
Bizaman tank relasyon m t ap amelyore ak leïla se tank manman l t ap make m di.

  • Cheri m fatige anpil jodi a, vin bay mari w yon ti masay
  • Ou pa t bay ase kontravansyon maten an pou jwenn kòb bay yon medsen fèy rale w ?
  • Kisa m fè w pou w ap maltrete m konsa ?
  • Manje w la sou tab la, m ap fon kout pye kay Bènadèt , n a wè pita.

Se te sa mwen te jwenn kòm repons.

Yon jou Leïla rele m apa pandan manman l pa la pou l di m de mo :

  • Alfred, mwen gen yon bagay enpòtan pou m di w wi
  • kisa li ye pitit fi m?
  • mwen koupe kontak ak tout malfra m te konn fwote avè yo

Nan je l ou te ka wè yon senserite ki pi klè ke yon chèn televizyon lè w jwenn pozisyon ideyal antèn lan pou li. Mwen kouri di l ke mwen kontan tande sa men li koupe m touswit:

  • Kite m fini tanpri ! Men sa te deranje manman m paske gras ak vi m te konn ap mennen an li te konn jwenn bon ti kòb. kounye Kòm mwen deside pa kontinye sou vye chimen an, li deside rantre ladan l poukont li.

Pawòl sila a tou friz mwen san m pa gen okenn zam k ap menase m.

Premye sa ki pase nan tèt mwen ,Petèt ke se kounya tifi a deside tire revanj li. Deja m konnen li gen ase talan komedyèn pou l pote Hollywood sou do l. Men depi lè m te deside korije tifi a, madanm mwen te diferan nèt avèk mwen vre. E si se pou rezon sa, sa fè m mal pou m di men li byen kole ak reyaksyon an.

  • Alfred apa ou pa di anyen, moun sa yo manman m ap fwote avèk yo a,yo pa moun non. Se paske yo konnen m pran prizon pou yo epi gen youn ladan yo ki renmen m ki fè yo dakò kite m trankil. Men manman m al antre anba yo, m pa vle l pran prizon, m pa vle yo fe l mal, m pa vle…

Li lage tèt li sou zepòl mwen, sa pa t pran tan pou m te santi yon dlo travèse inifòm mwen vin kontre ak po m. Mwen konsole l jan m kapab epi mwen pwomèt li m ap jwenn yon solisyon.

Fòk mwen te reyaji rapid, Nan menm jou a m kòmanse ankete sou sa ni Leïla ni madanm mwen ap regle lè yo pa bò kote m…

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer