Dilèm Epz 1

-Gade mouche, pa janm oze w veye antre m ak sòti m isi a ankò tande, demay sou chenn ou ! Dayè si se paske mwen sou teritwa w la mwen ka kite l pou ou wi sèlman
-Oh Leïla se ak papa w wi w ap pale konsa
-Manman ban m pase tande ak se ak papa m ap pale a… sa fè 3 moun ou montre m sou tit sa… tchuippps

Pawòl la di, pitit moun se benyen yon bò kite yon bò.
E mwen ta pral jwenn prèv pa nèf la san pil demagoji. Mwen te menm pran leson sa pou lavi

Bòpè pa papa, e jamè li p ap rive youn.
Men kwè m, gen de bòpè ki vo plis ke yon papa oubyen ann di ke yon gason ki met yon jèm anndan yon fi. Tankou anpil nan sa ki pa asime responsabilite yo, ki fin plante aprè sa ki kraze rak.

Lè m te rankontre ak Sandra sa gen sèt lane li te gentan gen yon pitit fi ki te apènn soufle dizyèm bouji l.
Avan, mwen te konn di se chans mwen genyen paske mwen te gentan konnen ke m pa ka fè pitit alòs vin jwenn yon fanm ak tout bèl chelènn sa se gwo chans li te ye pou mwen.
Mwen gen uit lane nan lapolis, tout rèv mwen se te travay nan palè men m pa t rive jwenn yon pi bon plas ke sikilasyon.
Fè sikilasyon, m panse li te pi fasil menm jan anpil moun panse l la. M te twonpe m, se pa t sa ditou, pil bri klaksòn sa yo sèlman te kont pou delala m, solèy la ki te te pran plezi l fè nich nan po tèt mwen chak jou, m pa bezwen di w lè w fin bay yon nèg yon kontravasyon epi li di w li make figi w, ayayay lè konsa si w pa gason se di padon papa se foto lisans ou an m t ap gad si l bèl, tout galimatcha sa yo te konn ban m anvi ret chita lakay men…

Hmmm, lakay? Ak manzè Leïla nan kay sa pito chak jou m al fè sikilasyon kafou, pòtay, ki mele m si l ta matisan menm? Depi m evite manzè Leïla m pa bezwen konn anyen ankò.

Yon samdi swa, m pa janm bliye fi sa lave m li rense m pi byen ke yon moso rad blan ki te tache

-Leïla onzè diswa pa lè pou w ap rantre lakay ou, ou gen sèlman disèt lane pou w gen tout libète sa… dayè ou pa di manmi w kote w ta prale

Manzè a te apènn franchi pa pot salon an, kote m te chita ap tann li nan fènwa, li te gen sou li yon pantalon ki te ka menm longè a panta manman l yo, yon « bout  » chanday ki te apènn rive sou tèt lonbrik li epi tou de pye l te anchene

M te kontinye pou m di:
« Dayè ki estil de abiman sa yo, ou sanble bliye ki laj ou genyen, ou sanble bliye tout jefò manmi w fè pou l ba w yon bòn ledikasyon… non non cheri libète sa twòp, m p ap ka ba ou l…
Leïla chita, pandan l ap retire pè tenis ki te nan pye , li di
-Gade mouche, pa janm oze w veye antre m ak sòti m isi a ankò tande….

Fi a joure li joure san rete, lè madanm mwen sot nan chanm nan pou eseye kalme l ak siplis, se atò li pale e raple madanm mwen erè jenès li. Bèy yo te depase lèbòn, m pa t rive kontwole m ankò, m pèdi kontwòl epi m tire l yon kalòt li tonbe atè…
Se te sèl mwayen pou m te fè l silans e m pa t regrèt m te pase pa chimen sa, m sèlman regrèt ke m te kite l di twòp vye koze avan m reyaji…
Leïla ta pral finalman bay moun tèt yo, pandan l ap leve atè a ak de tenis yo kenbe nan men goch li epi men dwat li ap pase bò figi l, li di:
-Wè, tonnè boule m Alfred w ap peye m kalòt sa, m ta pito kouche ak tout malendren fè gaye kaka w sou Boudon an. (Se la sou Boudon an m te konn al fè sikilasyon) ak kiyè y a vin ranmase sèvèl ou

Se premye menas ke m te pran serye konsa, Leïla jèn e rayiman ke li te gen pou manman l depi lè li aprann se manman l ki te pouse papa l siside a pa t piti, sa tou te vin fè m pase anba woulo a, malgre tout jefò m te fè, manzè a pa t janm rive tolere m, donk m te ret kwè li te ka fè nenpòt bagay, e tout sa ki te ka met dlo nan je manman l t ap fè bonè pa l.

M te toujou tande, pito timoun kriye dimil fwa ke yon granmoun kriye menm yon fwa.
Aprè bandi a zam te fin atake m, kraze tout vit machin mwen de jou aprè menas Leïla, m te rive konprann ke l te plis ke serye…
M te rive mennen yon ti ankèt pandan de semènn, e m te vin dekouvri baz kote l konn ale a.
Fòk m te regle koze sa kout ke kout, donk m pa t ka pèmèt mwen pwoteje yon jèn fi k ap fè m menas epi ki nan dil dwòg…
Wi si li rive yon detrakte jounen jodi a se akoz de madanm mwen an pou anpil nan sa.
M pa t gen lòt chwa, m fè babilòn debake nan geto a, bwote Leïla ak tout baz li.
M fè madanm mwen konprann ke dilèm nan pa t piti, san te menm koule, m re blije debarase m de bandi ki te agrese m yo, desizyon ke m pran ap bon pou nou twa, m te pwomèt li, m ap fè pran swen l, mete l sou asistans yon bon zanmi m, m te fè voye l nan yon sant kote yo kenbe minè ki te fenk sou pye. M pwomèt li si aprè sis mwa li evolye m ap ba l yon dezyèm chans…

  • Alfred, m pa bezwen konn sa w ap dim yo la, banm pitit mwen !

2 commentaires sur « Dilèm Epz 1 »

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer