ENJISTIS

Lè mwen te boukle etid klasik mwen, mwen te apèn pral gen dizuit lane. Se lè m fini a premye etap sa nan enstriksyon m, sa ke m t ap tann ak enpasyans deja paske rèv antre nan fakilte a te pi fò ke tout bagay.
Mwen p ap di mwen te gen yon vi nwa men li te trè lwen pou l te wòz alòs avni m se te ti moso pen lenstriksyon an.
Men aprè rezilta filo, mwen ta pral vin poze tèt mwen kesyon, poukisa m fini lekòl si m gentan ap sibi tout enjistis sa yo? Poukisa mwen pa t kanpe depi nan sètifika petèt m te ka gen yon chans fini kote nèg a kostim ap taye banda, kòm se sa peyi sa te montre m. Mwen te menm vin di tèt mwen, poukisa m pa t double de twa klas konsa mwen t ap gen plis tan pou m prepare avni mwen menm jan Nadia, ki se pitit yon gwo potanta nan Petyonvil la te fè l la.
Nadia te dwe fini ak lekòl klasik li sa gen 2 lane, li te lekòl nan youn nan pi gwo kolèj sou Tijo a. Men vi vagabondaj li a pa t ba l tan pou l konsantre l ase sou etid li e fè l pèdi de lane. Pou pini l, paran l te mete l nan lise Petyonvil kote m ye a. Se yon jenn demwazèl ki pa manke anyen, fòm li ak bote l se pa pale anplis li pa manke mwayen pou l viv men malerezman li te twò libètinaj pou l ta fè yon bon elèv.

Rezilta tonbe, mwen fini loreya lise a ak tout komin nan, nan tèt mwen, jan yo fè l chak ane, meri a pra l sipòte m nan etid inivèsitè mwen men pa konn sou kisa yo ta pral baze, petèt paske nan sosyete a mwen te mal plase, mwen se pitit soyèt ki abite Jalouzi nan yon geto, petèt paske mwen se ti nèg tèt grenn, ki fè ane sa se pitit potanta a ki benefisye de bous detid la, e mwen tankou yon moun pou bay prim konsolasyon yo pwopoze m pou m fè kou matematik nan tout lise a.

Se kòm si m santi yo asasinen tout rèv mwen, tankou yo te di m, lè w vin lekòl chita etidye epi fè plas pou moun ki gen mwayen yo lè yo fin manje tout chè nan vyann nan si gen posibilite y a ba w zo a.

Mwen te ka manke lajan se vre, men mwen pa t manke ògèy e sou li mwen te met diyite m kanpe donk mwen refize pwopozisyon an epi m lanse m nan konkou fakilte syans pou enjenyè konsa mwen ta retrase plan lavi m sou yon bon teren.

Aprè yon mwa ap kraze bèt mwen te vin al konpoze men fwa sa, mwen pa t fini loreya, mwen te fini dezyèm. Malgre sa mwen potko fin asire m de plas la, mwen te ka sibi menm enjistis la.

Nan konkou a, te gen nou 5 ki sot nan lise a ki te ale men se nou 2 sèlman ki te bon, mwen menm ak Nicolas.
Nicolas avè m pa t twò alèz paske nou pa t nan menm ranje men aprè yon ti tan ki pa t long, nan jeni sivil ansanm nou te vin big patnè. Alòs se sèl nouvèl li ke mwen te genyen nan pwomosyon filo nou an menm aprè de lane te fin pase.

Tout bagay ap vanse trè byen jiskisi, mwen pa t ka tann twa lane rive pou mwen gradye e fini ak tout bagay.
Yon bon jou, nan kad vizit yon santye ak yon pwofesè ki te responsab li.

Nicolas ta pral lage nan kòlèt mwen yon nouvèl ki, bizaman te fè tout bon nanm mwen ale, mwen te yon moun ki plen ògèy se vre men mwen te toujou renmen pwòch mwen e pè fè moun mal se youn nan rezon ki fè m soufri plis andedan Jolouzi. Nouvèl la ta pral dezenstabilize m met sou li rès detay li yo…

-yow David, ou pa tande sa gen yon semèn depi yo kidnape Nadia?
-sa w di m la…?
-bon pi grav la, tout moun ki o kouran te aprann sa k ta pase avè w la e pifò moun nan komin nan panse ou gen pou w wè yon bagay ladan

Fini li fin di m sa, mwen anvi pou se yon blag petèt se bliye li te bliye di m krik men sa pa nan abitid li pou l jwe a mòd sijè sa yo, mwen te anvi pou se manti men ekspresyon vizaj li te ekri a klè se verite.

Tout moun panse se mwen siman paske m sot nan geto, oubyen paske yo te atann m ap vanje m.
Pa konn ak ki dekrè nan lwa konstitisyon yo te rive fè sa pou yo arete m san prèv men, nan demen aprè nouvèl la, dizè nan maten tapan, bakòp lapolis debake Jalouzi e pote m ale pi mal ke yon vòlè. Kouche nan kòf la, plis ke 2 gwo bòt sou do mwen pou di m pa t dwe al abite nan yon katye konsa e mwen te dwe pitit yon gwo zouzoun.
San pase nan gadavi, penitansye tèt dwat tankou yo te bani m nan komin nan.

Mwen te sèl moun nan selil la ki pa t ni vòlè, ni kadekajè pa menm yon dilè dwòg. Men mwen te la pou san rezon si gen youn siman paske yo gen pouvwa e mwen, mwen nan depotwa. Mwen te la pa t menm konn pou konbyen tan.
Aprè chak jou m ap gad rèv mwen k ap defile ale, manman m k ap vin wè m ak dlo nan je, pa ka kanpe, senti mare, konprès sou tèt, mwen domine. Mwen mande lanmò men li meprize m siman paske soufrans ke te gentan marye avè m.

« E jodi a fè w konbyen tan nan selil la »: demwazèl ki te vin ban m vizit nan kad fè estaj nan domèn li, sikoloji a mande m
-jodi a fè m egzakteman 3 lane, 3 lane depi m ap soufri, 3 lane depi m pa ka ri, 3 lane depi m ap gad rèv mwen ki detui,3 lane depi m san vi e san anvi.
-E ki dènye fwa ou pran nouvèl Nadia?
-Sa gen 22 jou depi Nicolas te pase wè m, e li te aprann mwen ke Nadia te chape poul li gras ak gadyen yo te bay siviye l la, ki te renmen l, Nadia te pwomèt li yon moman malerezmam yo ta pral vin jwenn kó malere a sou yon pil fatra ke kochon te kòmanse manje. Donk se poko konfime moun ki dèyè tout sa men ta sanble se yon kòlèg papa l pou yon koze kontra wout ak kòb pwason. Nadia te menm vin wè m semèn pase a, li di m ke papa l gen pou l siyen nòt liberasyon m paske li konnen se pa mwen ki dèyè tout sa. L ap sèlman tann papa l antre sot nan fèt Petyonvil ke yo t al fete nan lakou « New York » ane sa. Mwen potko kwè maskarad sa men Nicolas te di m se jan m tande a.
-Lè w lib ant vanje w ak rebati rèv ou pou yon twazyèm fwa kisa ki priyorite w?

Apènn mwen ta pral reponn, gadyen a di demwazèl la ke lè vizit la rive alòs li te oblije ale e se te pral dènyè jou seyans nou paske nan 3 jou jan Nadia te anonse m sa, yo te vin libere m se menm jou sa pwomosyon jeni sivil fakilte syans lan ta pral gradye.

Mwen fè plis ke yon semèn ap kriye e manman m ki te kontan liberasyon m pa t ka kenbe dlo je l a tout sa non plis.

Potanta a, m pa konn si se remò oubyen lawonte te vin prezante eskiz li aprè yon foul moun te fin resevwa l anba yon lapli galèt, jou sa li te ka remèsye manman m.
Mouche a fè nou yon pakèt avans kòmkwa sa te ka repare 3 ane sila yo, li ofri manman m yon bèl apatman Pèleren kòmkwa se tikè paradi li ban nou pou n ka bliye 3 lane lanfè sa yo. Li ofri m yon bous detid pou Kanada tankou se te pou di m padon pou sa l te vòlè pou mwen an kòmkwa depi m bat je m m ap fin aprann jeni an ansanm ak pwomosyon m nan ki gentan gradye a.
San jèn, li menm ofri m yon pakèt fanm komkwa se yon boul sik ki pral fè m bliye gou anmè kou fyèl ke yo kite nan bouch mwen depi 3 lane sa yo.

Mwen te fini pa nève e mwen fè mouche a ale paske pa t ka wè l a je.

Aprè yon mwa pase, Nadia vin sipliye m pran yon chèk nan men l
-Mwen regrèt tout sa ki pase yo David, tanpri prann, se pa pou m fè w bliye tout doulè sa yo men o mwen eseye rebalanse bagay yo
-mwen viktim de ou a papa w de fwa deja ou konn sa
-mwen pa fyè de sa nou fè w pase David, men kite w konsa ap fè konsyans mwen twouble m plis toujou

Aprè yon bon tan ap pale ak Nadia m te rive pran chèk la. Mwen pa sèvi avè l
Mwen bay manman m yon bon pati pou al achte komès rad Panama e lòt pati a mwen bay Patricia l menm si l pa t vle pran l men mwen te ensiste paske si se pa t li mwen te ka tonbe nan yon depresyon total kapital. Kanta pou mwen, mwen te pran direksyon lakou Chili, menm ke se pa nan lakou sa mwen te vle lavni m boujonnen men mwen te pito chanje jaden, petèt nouvo tè sa ta fè m fin grandi menm si m gentan kochi.

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer