Pa Monte Mal

-Chofè kote w prale? Deyò?
-Ou pa fwenk wè l make ti bray?
-M panse w te ka pi janti wi, kanpe pye w non tanpri.
-Tchuipps

Mwen te fini pa abyitye m ak konpòtman chofè nan lari pa bò isit, gwo san ou pa a pye pi mal. Mwen reziyen m, m monte kamyonèt la. M te blije al chita devan nèt paske moun yo pa t vle avanse, e se yon plas m rayi anpil paske depi chofè a frennen mal, batwèl figi m ka peye pokase a, lè n ap desann mòn menm tout moun sou kote yo pral peze m , deja, m pa gen yon liv vyann sou mwen an.
Men apèn m depoze dèyè m, m pa regrèt se la m al chita.

Anfas mwen te gen yon chedèv.
Sof ke lanati pa t sipoze kite l ka vin chita nan founèz kamyonèt Pòtoprens. Lè m di w bèl timoun nan, moun Bondye fin fè sou bwouyon epi li mete l nan kaye pwòp li.

Men mwen se yon nèg ki pa renmen koze devan moun, paske m pè malonèt.
Met sou li, depi lontan se bèy an kachèt m renmen, pou moun pa konn dosye m.
M te anvi met pawòl men pil moun nan kamyonèt la jennen m.
Malgre sa m reziyen m paske m pa konn kibò l ap desann, m grate gòj mwen, m gonfle vwa m epi m di :
-demwazèl ou bèl anpil wi.
Li pa reponn
M di tèt mwen petèt se paske l ka pa tande, m redi l sa ankò e fwa sa a li remèsye m ak yon ti souri.
Ayayay m fonn sou plas.
Men twa tripòt nan machin nan te gentan sou men yo, yo tonbe fikse n.
Bwat pawòl mwen tou fini lapoula.
Pou m pa pèdi okazyon an nèt, m rale telefòn mwen epi m lonje l ba li pou l met nimewo l pou mwen. Men tousuit li chanje karaktè epi li mande m ak mepri : « Poukisa w ap lonje telefòn sa a ban m la » ?
Lòt moun yo ki gentan sou men yo kòmanse griyen dan sou mwen.
De tan twa mouvman, m pèdi san fwa m, m pa konn ant fristrasyon m ak enbesilite m kiyès ki te peze plis sou balans lan.

  • -Yo ba w met yon bagay w ap fè makak, pran telefòn nan non
    -Pran telefòn nan ebyen oke mèsi ti chou…

Li pran telefòn nan epi l foure nan valiz li. Konfizyon anvayi m, nan tèt mwen m di se yon blag.
Men lè m wè li di chofè a mèsi epi l kòmanse desann m oblije tou swiv li pandan m ap di nan yon vwa tou pal : »Apa ou prale ak telefòn mwen an »?

  • -Bon se ou ki te di l pran l. Yon soumoun nan machin nan reponn.

Lè nou desann, m mete lapat sou manzè, fwa sa a m te bon fache a, men m potko konn an ba ki demon m te pran.
Yon sèl kou li tonbe rele bare vòlè, kèk moun te kòmanse vle apwoche.
E nou konn ki jan yo trete vòlè pa bò isit, m pa t ap menm gentan eseye konvenk yo, yo te ka gentan boukannen m.
M kouri lage l.

Ak figi m tou fennen

  • -Cheri pa fè sa, ban m telefòn nan non, eskize m

Malgre m te tante dènye chans sa a, li te di m.
« Depi w pwoche m la m ap rele bare vòlè ankò, e fwa sa a m pa p silans non »

Sa w tande a tou li fwete yon moto li al fè wout li.
Lè m di nou plas sa a nan kamyonèt la pa bon an n a kwè m kounye a.

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer