KOUZIN EPZ 5

  • -Mési men mwen pa monte machin moun konsa konsa non, epi sa k pou di w mwen pa ret byen lwen?
    -Aprè tout ratrapaj ou pèmèt mwen fè jodi a, menm si ou rete Jeremi mwen pral depoze w alòs mwen t ap kontan anpil si w aksepte

Li fini pa dakò epi kèlke minit aprè nou te nan yon bèl blokis. Donk Mwen limen radyo a poum met yon ti anbyans epi premye pòs la se yon mizik rabòday ki vin touche zòrèy nou. San pèdi tan li kòmanse bouje kòl agoch adwat sou kousen an.

-Ou konn tande mizik sa yo?
-O wi ,mwen jis pa tande sa ki twò vilgè yo. Poukisa ou mande m sa?
-Mwen panse se te mizik levanjil yon moun tankou w te konn tande sèlman wi

  • Rete, Sa k fè w panse sa?
    -Bon mwen toujou wè w ak gwo wòb oubyen gwo jip. Epi fason w konpòte w se tankou yon moun ki fèmen nèt

Li ri epi li di:
« Se zona mwen te genyen nan janm dwat mwen wi, mak yo poko fin disparèt epi lè mwen mete pantalon, twal la fwote twòp ak po m li konn fè m mal. Pou rès la se karaktè m ki konsa »
-E gwo linèt la e pou w ka wè de fwa pi byen? mwen reponn li pandan mwen pran ri byen fò

-Kite m tande ti gason

Aprè anpil kout ekla ri, li vin rive fè m depoze l a yon ti distans de kay la. Li pat twò vle moun wè yon enkoni vin depoze l.

Pandan mwen sou chimen retou a , de apèl manke Beatrice monte sou telefòn mwen. M te di m ap rele l jodi a vre wi men jiska kounye a mwen poko konn kisa mwen pral di l. Pandan m ap reflechi sou volan an li rele m ankò.

-Bea
-Ou te di w t ap rele m mwen wè ou pa janm fè sa.
-Mwen ta pral fè sa wi, se kounya m ap rantre lakay mwen
-Ebyen mwen pa twò lwen non, banm tou rive kote w

Mwen aksepte paske mawonay la te kòmanse dire twò lontan. Mwen annik rive, m al benyen pandan m ap met rad sou mwen baryè a frape. Yon ti tan aprè mwen te chita fas pou fas ak Beatrice. De je l yo te plen dlo.

Mwen te gen lenpresyon tout santiman m t ap refoule anndan m pou li yo debake nan fon kè m yon sèl kou.

-Bea sitiyasyon an konplike wi, mwen pa wè kisa mwen ka fè non

Fwa sa dlo ki te kaye nan je l la pran lari pou li.
-Mwen pa konnen non Jay, anfen sa mwen ta mande w la ap twòp pou ou
-Bon ou pa menm di m kisa ,ou di l ap twòp pou mwen
-Ok tande, se mouche a ki peye kay kote m ye a, si mwen te jwenn kòb pou m al yon lòt kote mwen t ap kite li cheri.

Mwen ki te panse listwa sa pa t ka pi konplike, desideman bwa a te fenk kare mare.

-Te kwè ou te di m , li di l ap tire w si ou kite l?
-Cheri mwen pare pou m depoze plent nan tout komisarya ki gen Pòtoprens pou mouche sa, nenpòt sa k rive m se sou kont li.

Bon kibò mwen ta pral jwenn kòb pou m mete fanm nan kay? E menm si mwen ta jwenn li si towo a pa fè l anyen se mwen ki ta pral anfas nonm lan. San konte se kòmsi se sou kont mwen li ta pral ye. E fanmi l sa yo di nan sa? M pa bezwen panse ak sa , kounya lèt konn poko menm sot nan nen timoun nan alowè pou tete l li gentan responsab yon koloni moun.

Mwen te pran reflechi san rete, avèk tout bagay nouvo sa yo ki t ap rive m , mwen te vin pran abitid pèdi nan panse m menm lè mwen ak yon moun.

-si ou paka ede m, m ap konprann, mwen ap jwenn yon solisyon kanmenm
-Tanpri pa di sa, ou konnen mwen renmen w , se jis ke m ap eseye ranje bagay yo nan tèt mwen. Mwen poko konn kijan, men m ap ede w kanmenm.

De je l yo te vin pi klere yon sèl kou ,epi yon ti souri jayi sou lèv li. Ou te ka wè nan figi l yon melanj latristès ki t ap fè konesans ak yon la kontantman ki te fenk debake. Mwen potko janm wè l sou fòm sa, e bizaman mwen te twouve l pi bèl.
Sa te pwovoke yon ti kouran nan mwen, sòti nan zòtèy mwen rive nan branch cheve m . Li te fè m anvi pran l nan bra m epi sere l tèlman fò nan yon pwen pou menm lè mwen lage l pou l santi se kòmsi mwen toujou la.
Fòk mwen di tou, nan tout emosyon sa yo mwen te eksite pi mal pase yon ti bway ki tonbe premye fwa sou fim dezòd yo. Men se pat pi bon moman pou mwen te al tante yon bagay konsa.

-Jay konnen w pa konnen jan ou soulaje m la papi
-Se nòmal, epitou mwen pa vle dlo sot nan je w, sof si se yon zonyon w ap koupe men ou pa konn fè manje.

Fwa sa se pa yon ti souri li fè m kado, men se yon ekla ri li lage.


Jodi a mwen gen lenpresyon l ap fè kè m fonn nèt.
Li reponn:
« kounya w ap fè m ri ti gason. Mwen ka al lave figi m yon moman? Li t ap fè m byen »
-Wi wi ,ou ka benyen menm si w vle
Li gade m epi li mòde ti bouch wòz li a.

-M ta benyen men fòk mwen ta jwenn yon moun lave do m pou mwen…..

KOUZIN EPZ-4

Woy ! Mwen pa bezwen di jan kè m ale, m ap mande si se pa Beatrice ki di l tout bagay ki fè mouche a vin swiv mwen jis la. Aprè sa misye fè yon grimas ak figi l, sa lòt moun te ka rele « souri » pou l di:
« Kouzen ou genlè bliye m »?
« kòman poum ta bliyew la lanmmèd? » : Mwen di nan kè m.

-Non kouzen fanmi pa ka bliye fanmi
-Sa k pase menm? Dènye fwa ou ale a ,ou pa menm di nou anyen?
-E pa fòt mwen non, mwen ta pral nan kou bonè, mwen pa t vle reveye nou.

Mwen te byen anvi ajoute « aprè pil lobèy pwogram nou fin jwe nan zorèy mwen an… men mwen vale rès la paske mwen potko prè pou m mouri.

Aprè 5 minit ap pale konsa, se lè sa miche ap di m se li ki sekirite an chèf sikisal la. Men mwen egare tou wi, mwen wè sa ekri a klè nan badj mouche a men laperèz te fè nanm mwen vole gagè.

Aprè mwen vin rilaks mwen pou m di l sa mwen vin fè anndan an, li fè yo ban m sèvis.
yo pa di gwo nèg se leta pou granmesi
Lè mwen fini mwen ba l yon lanmen ak de kè met sou li yon vye ri trèt epi mwen al fè wout mwen byen rapid. M tou di menm lajan antèman p ap fè m tounen la ankò dekwa pou m pa nan rekwaze a mouche sa nan vi m. Sèvis Li rann mwen an pa t anpeche m rayi l, se te pi fò ke mwen.


Mwen te deside pase yon aprèmidi byen trankil. Alòs mwen fè yon kout pye sou balkon lakay la epi mwen kòmanse tande mizik, chita tou dousman, pandan chak moman yon ti van vin flate figi m.


Mizik se bagay mwen renmen anpil ,depi mwen pa byen, se li. Se tankou yon terapi pou mwen.
Men fwa sa se li ki te vin kontrarye m paske mwen t al tonbe sou yon mòso ki rele « Mwen p ap negosye w ». E Kilès ki te fe m konn mizik sa? Manzè Beatrice, « Harmonik » se djaz pa l. Mwen vin tou sonje ke li te ekri m maten an Mwen fon gwo kout san, paske kote w wè l tounen nan tèt mwen an li p ap janm sòti.
Aprè yon ti tan refleksyon ,mwen di gason pa konn lach alòs mwen debloke l epi mwen rele l .
Telefòn nan gentan bay twa son pandan m’ pral rakwoche:
-Ou resi deside pale avè m
-Bonswa Beatrice kòman….
Mwen pat menm gentan poze l kesyon an ,li lage yon katafal pawòl nan kòlèt mwen. Li mande m padon , li te bliye si mouche a t ap vini nan jou a. Beatrice menm di m li pa renmen miche ,men se gras a li ki fè l fini lekòl e ki fè l te ka vin nan kou angle a. Lè mwen pral louvri bouch mwen pou m’ di nan kisa sa gade m. Li mete sou pawòl li yo pou l di m ke se mwen li renmen, mwen se definisyon lanmou nan vi l, li jis poko ka wè kijan pou l kite Golyat la Paske li te menase l, ke l ap tire l si li fè sa.
Atò kòmsi nonm sa t ap bezwen zam poul te fè Beatrice fè vwèl nan peyi San chapo, yon van kalòt li sèlman t ap sifi.

Mwen pa konn si se lanmou oubyen pitye men pawòl yo touche kè m. Mwen pa t wè Kisa pou m reponn. Mwen te boulvèse ant yon anvi padone l men mwen ta pral riske lavi m kounye a, e repouse l ap fè konsyans mwen tonbe pyafe paske mwen kite l anba nonm sa aprè tout pawòl li fin di m yo.

-Alo Jay ,apa w pa di anyen? Di m yon mo non tanpri cheri.
« Tande non Bea m ap rele w demen: Mwen lage pawòl la tèlman sèk dlo nan je m pa t sifi pou wouze menm yon pati ladan.

Mwen te bezwen reflechi paske fwa sa mwen te gen yon gwo tonton chwa devan m e fòk tèt mwen klè pou mwen konn ki desizyon m ap pran.
Antouka e pa sis byè ak boutèy wonm mwen te fin met atè yo ki ta pra l ban m klète sa, paske mwen dòmi tou sou.

Nan maten mwen deside al nan kou paske mwen pa t anvi pran plezi, men mwen te bezwen yon bagay ki pou kapte atansyon m.


Malchans pou mwen ,depi granmbonè yo deside fè yon seyans pratik, men se te de pa de.Yo fè yon tiraj o sò

epi mwen tonbe sou yon ti dam. Nan de twa ti jou m te vini yo m te gentan remake se li ki pi fòt nan gwoup la. Mwen m paka evalye nivo m paske mwen rate pifò nan kou yo. Ti dam lan pa t lèd non men li tèlman renmen mete yon bann gwo wòb sou li epi li gen yon linèt men lajè nan je l epi chak ranje dan l gen yon babele, li sanble ak yon grann prekòs. Siman kèk timoun ki fè vi l fèmen anndan kay, men ki ka ap pran pòz inosan l tou, antouka li jwe wòl la trè byen si se vre


M te pèdi nan panse m epi vwa l fè m sote.
-Apa ti gason an pa met men nan anyen, ou deja pa janm vin nan kou, tankou yon touris lekòl la, e kòve ou pra l fè m fè la wi.
« Ey granma poze san w tande » mwen santi m ta di makomè a, men li te gen rezon e reta mwen ta pra l ba li vrèman nan travay la. Mwen santi mwen wont mwen blije di l:
« E pa fòt mwen ki fè m’ rate tout seyans sa yo. Men gen yon demwazèl lòtbò a ki poukont li ( Kantite moun nan sal la te enpè donk gen yon moun ki pa jwenn yon konpanyon) ,ou mèt al jwenn li pou m pa ba w reta nan travay la jan w di a, m ap degaje m poukont mwen, mèsi ».

Figi l fennen touswit, mwen santi regrè anvayi l menm si se pa t entansyon m.

-Non, ou mèt rete eskize m si mwen pale konsa avè w . Sa ou pa ka fè yo m ap ede w avè yo.

Li te sanble gen move karaktè, men li eksplike byen. Nou te byen fè travay la, e yon bon anbyans te vin enstale nan mitan nou. Mwen te tou pwofite fè yon apwòch:
« Kòm kou a fini e solèy la cho, mwen ka al depoze w? »

Li retire kabare ki te nan je l la, li gade m, li fonse sousi l epi li di m: …..

Kouzin Epz 3

Mwen fin Li mesaj la ,mwen anvi reponn mwen pa anvi reponn. Lè m deside reponn aprè yon kenz minit, se lè sa mwen sonje tout plan m yo fini yè swa. E kounya, m pa gon goud pou piti.

A la traka pou mwen, gad nan kisa bon pleyè lagem
Mwen leve, mwen benyen epi mwen pran lari a poum rive kay on patnè m.

Mwen te menm pè pou manzè pa t pran kle machin nan ki te ret nan salon an, siman bwasèz la pa konn kondi paske mwen wè l toujou la.

Men malgre sa mwen pran wout la a pye, mwen pa gen ase gaz e menm si m te gen lajan, jwenn li an pa t ap fasil. Alòs mwen pran wout chimen bò komisarya Kanapevè a pou mwen ,mwen reziyen m monte mòn nan sou de pye m pou m al kot misye.

M annik rive li tonbe trip sou mwen:
-Gad jan misye swe. E ou ki pot machin nan jodi a?
-Ou toujou ap ranse
-Sak mennen w la ? M panse w bliye kay la wi.


Fòk mwen di, misye se yon nèg mwen pa wè souvan, anplis manman ki m fè m pa konn yon ka nan sa misye konnen sou mwen. Donk mwen pran vide sak mwen ba li, sòti nan desizyon m te pran pou vakans lan pase pran Beatrice jiska manman vòlèz la. Epi mwen di l kisa m bezwen nan men l.
Li fin koute epi li pete yon ekla ri, li trangle nan krache l, tèlman li ri. Si mwen pat bezwen kòb la m t ap fin toufe l pandan l ap rakle a.

-Mwen byen kontan w ap griyen dan w, lè Rebecca te lave bò machwè w nan baz la mwen pa t ri konsa non.
-Pa fache monchè ,ou wè aprè yon ti tan menm ou menm w ap fini pa ri tèt ou

« Mwen pa sou griyen dan la bòs »: Mwen di l tou move

Li konn bout mwen alòs li kanpe ak fawouch yo men li di m ke fanm pap fini e si mwen kontinye konsa se yo k ap fini avè m. Li mete sou pawòl la pou l di:
« Men non frè m w a pa remèt mwen l tande mawozo »
-Mèsi vye chyen
-W a jwenn ankò


Epi sa w tande a mwen sòti ak yon lòt figi paske depi w tande mwen fè yon ti tan ap ranse ak nèg sa yo ,mwen santi m yon lòt jan.

Sòti m sòti, mwen kanpe yon chofè moto menm si m konnen l pra l mande m tèt nèg pou l lage m lakay la. Mwen prann kan mèm

Lè m rive, mwen mande Bondye padon davans epi mwen rele manman m, mwen di l vòlè friz mwen ,yo pran tout kòb mwen. Podyab Malerèz la, li gentan fè yon pakèt bri.

_Anmwey gad Kijan mwen t’ ap pèdi ti gason an, sèlman Jay mwen di w priye avan w sòti .Deyò a pyeje pitit mwen depi w sot nan kou rantre lakay ou.

-A wi oke manman epi yo pa fè m anyen

-Sèlman di m A tankou timoun w ap bay manje , tande non, mwen pra l voye kòb la . Epi sonje mwen pale w
-Wi manman , salye papa m pou mwen

Aprè yon ti tan nou fin pale, mesaj transfè monte, mwen kouri al nan biwo pi ba avan yo fèmen. Lè mwen rive, tèlman gen moun pandan m ap vire do m pou m ale yon lot kote, mwen santi yon gwo bout men poze sou zepòl mwen, tankou se tout pwa syèl la ki sòti pou plati m.

O o, lè mwen vire pou m gade, mwen wè se Golyat la…

Kouzin EPZ-2

Mwen t al enskri nan wot kouti a se vre , men mwen pa t gen entasyon sispann ni file ni dekoud fanm pandan vakans sa. E sa te gentan fè 5 jou depi mwen pa t pran nouvèl  Beatrice ,men non l ak imaj li pa t bouke pouswiv mwen. Se kòmsi kèk de twa moun mwen avèk li rekonèt yo vin gen yon afeksyon tèt chaje pou li, y ap plede mete l sou estati yo kòmsi se te fèt manzè, e yo fè bagay sa prèske chak jou Bondye mete. Pou lapènn mwen flanke yo sou silans tou men nan tèt mwen, li pa t ka al sou silans ,se non l ki t ap plede sonnen nan tou zorèy mwen san kanpe.

Malgre tan an te mare , mwen deside fè yon kout pye nan yon ti fèt yo te envite m konsa mwen ta met tèt mwen an plas. Epi ou pa janm konnen m ta jete yon ti dlo avan nyaj yo.lè m rive m wè e pa vyann ki manke e mwen p ap pale de kuis poul. Men bizaman m te sou fè kapris jiskaske je m al tonbe sou yon bèl grenn moso.
« Koumanman » : m di tèt mwen
fanm nan nòmal, li met on ti wòb wouj dekòlte ki pran fòm li.
E ki fòm souple? (Yon moun te ka mande m)
Ebyen, anlè l bon anba l se pa pale. Tete l ap fiksem kòmsi m te dwe yo kèk karès. Ay si se ta vre m t ap peye ak enterè.

Lè m fin bave kont mwen sou mwen. Mwen kase manch chemiz mwen poum atake.

Men gen yon mawozo ki gentan pran devan m, Paske mwen te pran twòp tan nan gade fanm nan. Men mwen pwoche Kanmenm an chatpent, m fè yon apiye tou pre yo a epi m louvri zòrèy mwen byen laj . Aprè yon ti tan m tande:

-Ah cheri ban m nimewo a non

-Mouche tanpri pa pèdi  tan w epi pa rele m cheri.

Jan repons lan te sèk la misye oblije mouye gòj li ak rès bweson ki te nan men l lan epi li bat zèl li san di yon mo anplis.

Mwen souri epi m kite kèk segond pase pou ti lèzanj lan pa kontrarye ankò epi m al tante chans mwen .

-Bonswa demwazèl

-Bonswa jenòm

-Mwen se Jay , e mwen ta byen renmen konn non w men si w pa ban mwen l pa enkyete w. Mwen p ap relew cheri , menm si  m ta byen renmen gen chans sa.

Manzè gadem de la tèt o pye sou konn lè yon woulo penti ap pase sou yon mi epil souri pou l di m.

-E pa tout moun ki relem konsa ki deranje m, men ou ka rele m Cassandra.

Lapoula pawòl tonbe, lapli tonbe epi wòb li a pa pran tan pou l tonbe nan chanm lakay la tou.


Gade, m manje l ak raj ,m bal gouyad yo ak yon fyète paske fwa sa pa gen nèg k ap vin  retire l anba menm tankou vye sekerite Bea te vin fè lè l te gate jwèt mwen an.
Ti gazèl la monte sou mwen , li foure zong li nan ti lestomak papita m nan epi l tanmen yon dans andyable, menm gede pa gen tout lwil sa nan senti l. Monte desann li yo vin rive fè bon lòlòj mwen vire nèt.

-Wouuuuy ou dous Bea

-Ayy kisa bb ?

-M di w dous b

« Kòmsi m’ te tande yon lòt bagay »:
Li di m pandan l fè yon ti kanpe sou bwas yo

Mwen pa kite l kontinye pale, mwen kapote l epi mwen pouse l kèk bon pwent fwa sa, e pa fòt li non si m te fè l fè bon bri depi avan menm vwa m li patap tande.

Nou vin fini pa dòmi epi lè m leve a nevè nan maten, m pase menm nan plas li te kouche sou kote m nan, m pa santi anyen epi mwen wè chanm nan tèt anba, menm moman kè m fè vap… E li pa sote pou granmesi…

Manzè pa fin deplimen m nèt li kite telefòn mwen an, siman paske ekran te fè yon ti fele nan voye bagay jete lè fristrasyon te pran m nan sot kay Bea ,epi l kite pyès mwen yo nan bous la pou mwen, atò vye bwat sekrè ki sanse fin kraze a li al avè l. Mwen menm sonje m te gen yon adoken ki te sot tonbe pandan m t ap retire pantalon m sou mwen pou m al jwe match la avè l m pa wèl atè a.

Mwen anmède kò m twòp, e bon pou mwen. m pral oblije bay manman m on bèl ti manti pou l voye yon ti kòb pou mwen, ou gen pou wè si e te avèk Beatrice sa pa t ap rive.

« A sa non tifi sa genyen li kole nan tèt mwen konsa »: mwen repwoche tèt mwen.

Pou m voye ale sezisman sa mwen oblije rale telefòn mwen pou m m fè yon ti mizik, menm moman telefòn nan vibre e mwen wè yon mesaj ki monte sou yon nimewo m pa konnen.

« Bonjou Jay se Béatrice… »

KOUZIN EPS1

Si vakans dete se moman prefere menm chomè isit, se pa t janm menm bagay la pou mwen. Paske depi w tande lekòl fèmen pou youn manman m voye m pou piti nan 3 kou pou de. Bagay sa mwen anba l de primè a jounen jodi a malgre m antre nan fakilte a, donk mwen pa konn si pou m di gras oubyen a koz de sa mwen konn pale preske tout lang etranje, mwen gen yon ti nivo nan kouti e mwen men m fè patisri.
Bon pou koze sa lè w wè patnè m yo pran bat fawouch sou mwen si m pa t rekonèt yo lontan mwen te ka vole sou yo. Pou w tande yo pran ap di m: « manman w voye w prepare w ase byen pou madanm ou donk pa gen voye tounen la menm », e lòt ki pran mande w youn dèyè lòt: « kilè w pral nan jadinyè danfan la, e estetisyèn nan, e sesi e sela… »
Kòm mwen te vinn abitye a blag yo mwen menm tou mwen te oblije ri jis poum evite fristre.

Men vakans sa Bondye te wè doulè m e li ta pral chanje bagay yo pou mwen. Aprè douz lane pase nan lakou Kanada papa m te deside voye chèche manman m donk kesyon kou sa yo fini pou mwen menm si avan depa l, li ban m kòb pou m al nan « Wot kouti »

Sa m te gentan planifye manman m pa konnen donk mwen jis ri l.
Vakans sa vinn yon lòt vèsyon de mwen, se lè sa m ap aprann konn tout kote ki gen plezi nan kapital la. Pa gen kote bal la ap jwe pou m pa la, pisin nan, plaj la se mwen . E se moman mwen pwofite file fanm a goch file fanm adwat. Sa konn rive mwen di non youn pou lòt, kay manman m nan te finn tounen otèl menm si l te reve wè l tounen restoran (antreprenarya kanmèm)

Men nan yo tout gen youn ki te make m anpil e se li mwen te vize pou si m ta vle gen yon relasyon serye. Non l se Beatrice men mwen rele l Bea, nou te nan menm kou angle sou dèlma, nan fè wout avè l nou te vinn renmen. sè l pwoblèm avè l, li pi gran pase m manman m se moun konplekse li ka pa dakò epi manmzèl pa yon moun ou ka konn bout li fasil, se li se pa li malgre sa se li ki te konn mete m sou sa pi vit pou m pa di se li mwen te vle damou.

Yon vandredi aprèmidi pandan m sot dèyè yon ti tchotcho papa m voye pou mwen, mwen tou pase nan yon ba sou gran ri a, a kòb la, vinn fè lè pou m ale men mwen rete pran de ginès ankò jis pou m te ka al tcheke pi devan, ayayay se sa ki pa manke Gran ri…

Men se konsa telefòn mwen vinn pran sonnen, se Bea.
Dabitid tout konvèsasyon nou se an angle nou fè yo. Mwen pran apèl la pou m di:
-aswè a la mwen pa sou pale angle non manman
-mwen non plis Jay
-an tan mye
-ou ka pase lakay la pliz bèl papi? Mwen poukòm, si w vini m ap kite yon bagay pou ou.
Lè m tande sa kè m kontan paske mwen te tou sou 3 pye lè m finn bwè pil bweson sa yo, se yo ki te toujou vyagra m lè w tande m pral jwe match sa yo.
Bea kontinye pou l di m: « pran san w pou w kondi wi frè m, afè m se myèl li p ap gate »

Li vinn rive rakwoche mwen pran volan lè m rive kay Bea se lè sa mwen di tèt mwen pa gen leta nan peyi a, se fann mwen fann wout la an de, de gran ri a Boudon mwen pa fè 30 minit nan wout.

Lè m rive mwen jwenn machandiz la k ap tann mwen a yon sèvyèt benyen sou li.
Mwen mande l kot frè l la se lè sa l ap raple m jodi a se dènye vandredi donk miche p ap antre pou wikenn lan.
Manzè poko menm finn fèmen bouch li, mwen atrap li pouse l nan yon mi e mwen pran souse tout kòl ke m te gentan mete sèlman a soutyen epi pannta ki te sou li a. Plezi a ap monte detanzantan, mwen te gentan estat rete sèlman pou m estat Bea donk mwen glise menm nan pannta e mwen pran travay, se lè sa m tande l di m: « fòk! met bon zouti an bèl papi » pandan l ap pran direksyon chanm. Apènn nou rive , m ap mande l kijan l vle l mwen tande pòt frape jan Bea reyaji a se ke li gentan wè kilès moun, li fè m abiye m mete m chita nan salon an kot tout bagay te kòmanse a sou yon kanape.
Lè l ouvri pòt, mwen wè yon jeyan ki parèt, mouche te ka fè yon mèt 95 konsa, m ap mande si se pa li ki te golyat la.

Malerzman nan ka pa m nan mwen pa gen fistibal e se mouche ki gen fizi, li se sekirite daprè sa m te ka wè nan mayo ki te sou li a.

Manzè Beatrice di mouche: « mwen panse w bliye si jodi a se dènye vandredi wi, tèlman m panse w p ap vini mwen fè ti kouzen m nan vinn dòmi avè m »

Woy, mwen fristre men mwen pa ka kriye, deja mwen se gason e mesye a ka sispèk yon bagay. Mwen mare kè m a tout ba l la o fon mwen di: « ebyen kouzin mwen prale wi men kouzen m vini »
-non monchè, lè sa ret dòmi w a ale demen
Mouche a reponn mwen.

Gade mwen pa konn si se yon konsèy oubyen si se yon lòd men lè m regad miche mwen pran l pou yon lòd san di anyen ankò mwen rechita tou friz sou kanape a ap gad mesye dam yo k ap pran direksyon chanm. M ap mande kijan Bea fè anba yo pwotorik gason konsa se lè sa m sonje foumi pa konn mouri anba sak sik.
Aprè yon 20 minit mwen tande alsiyis pran pati e mouche ap gwonde byen fò. M ap mande si Beatrice sonje m nan salon an epi mwen oblije gen remò pou m wè m prepare teren bay vakabon vinn fè gwo frap.
Mwen vle dòmi men mwen pa kapab tèlman alsiyis yo nève m, mwen pa konn mouche men sa pa t pran anpil tan pou m rayi l menm jan m vinn rayi Beatrice la. Mwen pa konn si se jalouzi oubyen fristrasyon blòk katrè 30 nan maten mwen rale telefòn mwen, mwen bloke manzè tout kote epi mwen siprime tou de nimewo l yo. San pèdi tan mwen louvri pòt san fè bri mwen ale, pa t vle je m tonbe nan je moun konsa ankò.
Lè m rive lakay mwen a senkè e ka nan maten, lè m bwè yon gwo boutèy Wonm mwen pa konnen. Mwen al repoze m.

Dizè tapan mwen met kòm deyò mwen al enskri nan wot kouti a…

Premier article de blog

Il s’agit de votre tout premier article Cliquez sur le lien Modifier pour le modifier ou le supprimer ou commencez un nouvel article. Si vous le souhaitez, utilisez cet article pour indiquer aux lecteurs pourquoi vous avez commencé ce blog et ce que vous envisagez d’en faire. Si vous avez besoin d’aide, adressez-vous aux gentils utilisateurs de nos forums.

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer