Jènjan

Bèl mwa pase desanm, nanpwen, ti mwa plezi ,ti sòti ak zanmi pou nou depoze gwo kout ri, nouvo souvni, e latriye.

An palan de souvni, lòtjou nan plede founi je gade nan foto fanm sou Instagram, m al tonbe sou yon ti lèzanj ki tou vole ak nanm mwen. Chak foto l mwen fin gade fè m anvi gade yon lòt. Se kè mwen pran pou m pa kòmante an ba tout, mwen te pè pase pou yon mazanza ki fenk pantan sou fanm.


Mwen pa ekri l non plis, pou mesaj mwen an pa al kanni nan bwat mesaj li tankou pa lòt Ki eseye deja.
Mwen konnen fanm kon sa pa manke admiratè, men a la fen m fini pa ekri l kanmenm. Mwen di: « Ou t ap fè yon bèl ti mannken wi ,si w te pi wo »

Fanm pa renmen yo kritike yo kon sa, mwen te se swa li joure m sa pa t ap fè anyen paske mwen pa ann afè ak fanm malelve a menm nan rèv, swa li reponn mwen yon lòt fason.
Nan de ka sa yo, o mwen li pa ta meprize m.
Men li pa t janm reponn, okontrè li te menm met yon nouvo foto sa ki te vin dekouraje m. Poutan apre yon semèn pandan mwen te nan yon ti fèt 24 desanm, li fè m repons. Telefòn nan te manke sot tonbe nan menm lè m te wè se non l ki monte.
Desideman fanm sa te make m, alòske se jis yon « Lmaooo » li te reponn.
Mwen kouri ba l yon dezyèm ti blag , fwa sa a, li reponn touswit.
Epi se kon sa yon latriye pawòl mete pye, nan de jou, mwen te gentan gen nimewo l. Tank n ap ekri se tank m ap remake nou chaje pwen komen.

Se kòm si se te yon fanm tonton nwèl te sere pou mwen kòm kado. Nou vin rive alèz nan yon pwen ke m pa t panse ankò mwens nan ti kras tan sa a. Nou pa gen lè pou n kòmanse pale alevwa pou fini

Nan yon apèl videyo ke l te ban m byen ta nan la sware, mwen te tou pwofite pou m di l mwen p ap ka tann jis lòt ane pou nou rankontre se pou m te fè l ri toujou, paske te manke twa jou sèlman pou premye janvye mete pye. Lè mwen t ap gad djaz la k ap pale avè m pa t ka pa gen anvi wè l kole kole ak mwen

Bon chans pou mwen li te reponn mwen ak ti vwa dous li a ke li gen yon ajanda ranpli men l ap ka fè m kado yon ti tan ki p ap twò long 31 desanm alòs san pèdi tan, nou planifye.

Jou a vin rive mwen mete m fre kou kola kenz epi m al rankontre marabout ki te fin vire lòlòj mwen an.

Wouch manman, fanm lan te pi bèl nan reyalite ke nan foto toujou, estil fanm ke m pa rayi yo, yon ti melanj badgyal ak yon fanm klas premye degre, pèsinn te fè kenken nan tout kò l met sou li, fanm nan santi bon, ti po l tèlman…


Anfen! Pito m retounen nan listwa paske si m pran dekri fanm sa a, demen ap rive m ap jwenn koze pou m di toujou.

Nou te chita nan yon ti restoran ak yon mizik konpa lòv ki t ap karese tenpan nou
Mwen pa t manke di l jan m te kontan wè l. Epi yon sèl kou li rete li di m : « Mwen gen yon bagay enpòtan pou m di w wi avan twòp tan pase  »

Sa k te rete pou m te fè de kout beniswa letènèl la pa t anpil. Paske depi lè m te an fas fanm lan se chechè m t ap chèche pa ki mwayen m pral di m renmen l pou si m pa jwenn okazyon ankò.
Gade kounye a se li ki pran douvan. Alòs m jis reponn li ak kè kontan:
-M ap tande w cheri.

Mwen kouri di sa ak yon lespwa ke si li ki pral fè premye pa, menm si l ta di m li gen mèt deja, sa pa t ap deranje m, menm si l ta di m gen moun sou chèz li a deja, mwen t ap mande l yon ti apiye sèlman…

Anfen, nan tèt mwen, plis ke mil refleksyon te gentan defile e dezi posede ti kòmè a, menm pou yon nuit pa t chanje.

-Mwen vreman renmen foto ou te lage dènyeman, li rive sou mwen anpil…

Dènye foto m te lage sou IG, se a pi bon kòkòday ti sè m nan mwen te ye nan yon bal.
Non l se Kyara, yon ti seksi bèl longè, si fanm sa te gen « dash » li t ap fè moun tonbe kou lapli… nou pa t janm sou fè yon bèy serye, siman paske nou te rive twò alèz men nou youn te konn ofri lòt ti plezi.


Barbara, (ti fanm IG a) te kontinye pou l di m:

« Ou se premye gason nan dènye lane sa yo mwen rive alèz avè l vit konsa… »

Ayyyyt, pa bezwen di jan kè m kontan, ti pawòl yo te kòmanse fè m wouji

-…se sa k fè mwen santi m nan po m pou m pral mande w yon gwo bout sèvis

Lè m regad biblo a anfas mwen an, pa gen okenn sèvis mwen pa t ap rann li, jis pou m genyen l, menm si l ta kage sou do, li ta bezwen moun fè pasaj pou li, mwen te gentan prè depi yè pou sa

-Avèk ou, pa gen sèvis ki ap gwo bout, jan ou di a Barbi
-Mwen kontan tande sa choupit. Oke, mwen prale dirèk, demwazèl ou te nan bal la avè l la vreman rive sou mwen, li nan sans mwen, li fè yon efè ke pyès lòt moun potko fè sou mwen, mete m an kontak avè l pliz.

Mezanmi! Li pa t bezwen di m plis pou m te konprann tout bagay, franchman, pito manzè te di m li konn an ba limyè oubyen danse nan klèb men pa sa… mwen potko prè pou m tande yon koze kon sa, menm kote a yon sèl latranblad pran m…

Manzè mande m pou m jwe wòl medyatè, sa k pi di a, mwen pa t ka fè retrè paske mwen te gentan pwomèt li m ap fè tout bagay pou li. Menm si m konnen Kyara pa sa li menm mwen blije respekte pawòl mwen.
Mwen mande l plim pou m ba l nimewo a sou yon napkin ki te sou tab la paske li pa t mache a telefòn li, li te gentan avèti m sa.

Li dezipe valiz li, lapoula a yon dildo ki te ka fè 20 santimèt kon sa sot tonbe.

Menm kote a, tout je brake sou nou, e mwen, m anvi kouri men la wonte fè m pa konn ki pye pou m met douvan.

Mwen pa t ka kite je tout moun fin dezabiye m kon sa. Pandan ke manzè li menm, li pa kyè, li te gentan asime sa l ye deja. Alòs, m te blije kite tab la pa fason ki gen mwens sajès la, te konprann ke ti kòmè a pa t kado m nan sa, men se te gwo bout sezisman l lan.

Mwen antre nan yon legliz pou kri minui e mwen fè ve pou m pa ekri pyès fi pou 2023 a sou IG, voye kote pleyè m nan, nan yon kwen. E tante chans mwen pou yon bèy serye ak Kyara paske medam yo te twò jènjan deyò a.

POZITIF

Sa k ta di sa?
Pandan tout 23 lane ke m gen sou ti bout tè sa, mwen fè tout vi m ap goumen pou m antoure m de bagay pozitif sèlman men jounen jodi a se youn ki ta pral met dlo nan je m nan pwen pou l nwaye tout avni m

Mwen te abite nan kè Fontamara ak manman m sèlman, papa m te met van nan vwèl li nan lakou Florid nan peyi Lèzetazini depi 2004, nan lepòk anbago

Mwen pase tout anfans mwen alèz kou blèz, manman m ki pa t gen twòp tan, akoz de travay li, te pran yon sèvant nan kay la, espesyalman pou mwen.
Yon jenn dam ki te plis entèrese vin ateri sou kabann Misye Joe, vwazen nou, ke l te vin travay tout bon vre.
Mesye Joe se estil de jwè ki panse fè gòl se pou yo sèlman li fèt yo, epi lòt jwè pa gen dwa menm choute alevwa pou l ta oze fè yon vye bout gòl. Jis pou m di, wa jalou pa w.

Mouche a gen yon pitit fi ki rele Jessica, nan bagay fè pil lòbèy sa yo sou ti kòmè a, sa te vin reveye lakay li yon anvi.
Mwen pa konn si se te devenn oubyen yon chans, men se mwen li ta pral chwazi pou li wè sa l gen ladan, e depi lè sa nou ta pral kòmanse yon relasyon depi lè nou te gen disèt lane

Jan yo konn di a zonbi goute sèl li pa mande rete.
Mwen pa konn pou Jessica men mwen menm, mwen pa t ka kontante m de yon sèl modèl sèl la. Si Jessi te sèl fen an ebyen depi sou de lane renmen avè l san konn sa k rele lanmou, mwen te kòmanse bat pye m, met kò m deyò ap chèche de twa bon grenn gwo bout grenn sèl yo


Bizaman aprè chak grenn mwen goute, se dous gou a bay alòs mwen pa bezwen di, menm si m te fè dyabèt, mwen pa t ap kanpe…

Pi bèl fileng mwen se te, al nan bal poukont mwen epi retounen akonpanye. Men mwen te toujou gen yon limit, pa t janm kite moun enfliyanse m, si gen nèg se pa 2 pa 3 y ap retounen, mwen men m nan yon sèl la te toujou sifi.
Nan koze sa pa janm bliye mwen te rate pi bèl grenn fanm ki te ka gen anndan bwat sa

-Bèl papi, ou jwenn moun ou an deja pou aswè a?
-Mwen fenk jwenn li la, e men l ap pale avè m la… mèsi lesyèl

Manzè te ri jis li lakoz boutèy byè ki te nan men m kraze, al mouye tout pye pantalon m.

-Men tande non, mwen pa fonksyone pou kont mwen, kanpe la, mwen pral chèche Juliette, yon zanmi m

Se lè sa m vin konprann lè mesye yo bote pa 2 pa 3 yo, pi souvan se pa yo ki vle men se nan medam 2 sim yo, yo pran.

Li annik vire al chèche zanmi l lan, lapoula mwen met deyò.
Mwen te ka flannè vre men gen de bagay mwen te pwomèt tèt mwen, mwen pa p janm fè, koze a 3 sa, se swa jamè.

Jessica te rive dekouvri moun mwen te vin ye a, yon moun ki te kòmanse pran nesans nan men l. Menm si se pa t sa li te swete vreman, nan je l ou te ka wè ke l te aprann renmen m tout bon vre men mwen men m, mwen pa t janm ka rive konsidere l plis ke yon sèksfwenn malerezman

Laj vin ap monte, lavi m toujou ap dewoule menm jan
Se mache nan tout bwat aprè pou m ateri nan nenpòt otèl a moun ki pi byen kanpe nan sware a

Men yon vandredi aprèmidi, solèy fin kouche te deside ret lakay mwen, pa fè yon pa, pa paske m te vin advantis men pa t gen gwo dyaz nan afich jou sa, epi mwen te gen yon bal Klass ke m t ap prepare pou demen.

Demen te vin rive, mwen mete m byen chèlbè pou m al rilaks mwen, al danse epi pwofite tcheke.
Mwen mete m pyen senp, yon djins nwa byen plake, yon chemiz a flè wouj epi yon mokasen nwa byen klere nan pye m.


San fè bri, mwen pase men m pran kle Toyota manman m nan, mwen met deyò.

Depi nan antre klèb la, ak premye je ke m pral kwaze se ti pitit ki te kraze boutèy byè m nan
Si l pa t gen menm afwo a nan tèt li mwen pa t ap konn si se li
Kómsi mwen wè li te vin de fwa pi bèl.
Yon ti bout wòb nwa ki byen marye ak ti koulè pèch li a te byen plake sou li, pou te met anvalè ti kuis li ki te detenn sou yon lèt kafe ekreme

Lè m kite volan machin nan, je li ki te kite pou yon ti tan ekran telefòn li an pral kwaze a pa m, mwen te chèche detounen rega l men se te deja twò ta

-Junior, Junior
-O, mwen pa sonje nou te fè prezantasyon non dènyeman. Pou m pale de ou, se demwazèl « krazèt boutèy byè » a wi mwen toujou di
-Ou p ap vin fè m fè dega la ankò non tande.

Li fin ri epi li di m: « non m se Bienka »

Nou pase yon bon ti tan ap pale de tou e de ryen epi Klass vin kòmanse jwe mizik « klike sou li » a
Mwen envite l danse, wa ta di se sa li t ap tann.
San pèdi tan nou ploge, epi mwen santi ti bouch li ki te tankou benyen ki fenk fin fri ap tann sik, depoze sou pa m.

Mwen pa t atann mwen sa t ap rive si vit men mwen te bay tèt mwen misyon pou m pa rate l ankò pwochèn fwa ke m ap kwaze avè l.
Vreman vre, kèk minit aprè, nou pral ateri nan machin nan, mwen te paking nan yon ti fènwa bò pisin klèb la.
Se la nou ta pral bay tout dlo nan kò nou, te menm gen ase pou plen pisin nan
Mwen potko janm goute yon siwo konsa.
Manzè vire tout lòlòj mwen, mwen depale, mwen egare, mwen menm arive dòmi san m pa konnen

Lè m reveye li te nan 3zè kenz yo, e bizaman pa t gen pèsòn bò kote m. Mwen tate pòch mwen, tout afè m te sou mwen
Kòmanse ap poze tèt mwen kesyon pou kisa li ale.

Lè m gad sou kousen an dèyè a mwen wè yon kilòt ve poutan manzè te gen yon pannta ki te byen ranmase dèyè l sou li, se lè sa m raple m koze li pa fonksyone poukont li a.

Mwen pran risk antre lakay mwen a lè sa kanmenm paske pa t prevwa manman m anyen


Yon mwa aprè, mwen vin pa gen enèji pou m ap fè tout sa m te konn ap fè yo.

San konprann anyen, chè sou kò m ap repliye bay zo di tout moun bonjou. Mwen pa gen apeti.


Mwen te menm panse se Mesye Joe k ap atake m pou jan m gaspiye Jessica. Men se pa t maladi fetich mwen te genyen.

Pa konn si se rezilta pil vye bweson ke m bwè yo, mwen al fè yon tchekòp jeneral yon vandredi maten bonè bonè.
Yo vin banm randevou pou m vin pran yo nan sou twa jou, malerezman kò a pa t pèmèt mwen ale. Alòs mwen te repòte sa… nan mèkredi te vin santi m mye, te di mwen pral retire sou mwen tout bèy negatif e anbrase sa k pozitif sèlman lè m ta vin refè, paske nan tèt mwen se te fatig

Chòy di chòy fè, menm si se te sèl sa m pa t vle a, men nan tout pozitif yo m ap blije anbrase SIDA ladan l tou, tès la revele ke m genyen l nan san m depi yon mwa.

Malè san fren

Li te nevè nan aswè lè Frederik te vin leve Jakòb nan dòmi pou y al jete fatra.

  • Jakòb ! Jakòb ! Leve pou nou al jete fatra non
  • A ou konnen mwen pa renmen koze jete fatra nan lari sa, epi si yo kenbe nou kote n pral jwenn lajan pou nou peye amann.
    -Ann ale monchè ! Jodi dimanch pa gen anpil moun nan lari a.Machin fatra a pa janm pase. W ap kite fatra a fin kale vè sou ou?

Jakòb fwote je li, li pran de ti bout sak fatra li yo. Epi nèg yo pran direksyon yon ti kalfou pa twò lwen lakay yo.
Veye anwo veye anba, yo dekore kè kalfou a ak ti bout sak yo, paske nan tèt la te ka manke tout bagay sèlman dekorasyon sa yo ki t ap pouse yon lodè pou fè bliye sous pyant.

San gade dèyè, yo rantre lakay yo byen rapid.

Blòk twazè nan maten, yon kokenn chenn lapli te debake avèk de twa bon kout loraj ki pa piti.
Li bwote mezi tout sa l jwenn sou chimen l.
Se konsa bout sak fatra yo mal kou sa ye woule jouk yo al ede bouche yon twou rego pa tou prè kalfou a.

Yo te prevwa yon lapli nan meteyo vreman men yo pa t mansyone si se te nan nivo sa. Lè a te vin ap vanse, malgre douvanjou, lapli a poko vle bay legen, ou te ka kwè se yon manda l ap eseye kenbe jis avèk lentansyon pou l fè dega men blòk uitè yo konsa mouche solèy kòm lopozisyon ta pral fè l mare pakèt li.

Men gen yon bon ti dlo ki te ret ap doudous kò l nan lari a toujou rive jis bò palè w a ta si se te pou salye monte drapo.

Fanò ki se yon jenn entelèktyèl ke prèske mezi tout sekretè nan yon biwo konnen fen e byen nan mache depoze seve, te vin ap pase
nan zòn nan ak yon kostim mal repase sou li, zafè kouran se lè anpoul lakay li resi fè yon ti limen, li sonje bagay konsa te egziste.
Miche ta pral nan yon entèvyou pou yon travay kote li te depoze seve l depi yon etènite, dayè li te menm di tèt li swa yo lage l lontan nan poubèl ,swa sourit te manje seve sa. Malere a pa t menm gen kòb machin alewè pou l ta met kostim nan zafè près.
Li t ap mache sou konn tòti pou l pa t rive nan entèvyou a twò swe, se pa t pou san rezon li te deplase avan lè.
Men gen yon machin meri a ki pase ak tout boulin, pran yon pakèt dlo epi l salanbe Fanò soti nan biskèt rive nan zòtèy.
Miche blije kouri tounen lakay li, li al nan entèvyou a ak yon vye chemiz wayabèl ki manke de bouton.

Evidaman yo tou montre miche ke yo p ap rele l aprè.
Nan gade timoun yo ak bouch yo blanch epi je yo k ap vire lanvè, madanm Fanò pete yon lobo nan kay la
-Ou pa fout itil anyen nan kay la pito m te pran yon sen nan pawas anba a met nan kay la, janmè depoze seve yon bon kote. Tchuippps

Yo rive jouk nan mete men.Fanò defigire madanm li anba kalòt.Nan pita yon frè madanm li ki pa manje anyen ki frèt debake pou l vin tire revanj. Goumen mete pye pi rèd.Bò frè a te gen yon vye bout zam wouye li rale l sou Fanò. Fanò plonje sou misye ,men moun pa pi rapid ke bal, e pou premye fwa se mouche lanmò ki te resi pran seve malere a e li angaje l pou letènite.

Alòs timoun yo ki deja pat gen yon papa pou ba yo laswenyay, vin pa gen papa ditou. Lapolis te met lapat sou frè a, aprè de jou nan komisarya, san jije yon pimpe l penitansye.

Bò kote pa l, miche te gen madanm ak pitit tou. E madanm li pa t pran tan pou l lage nan vann kòl pou jwenn lamanjay, souvan yo te achte kredi epi yo pa menm peye. Yon swa plizyè jenn gason abize l, fwa sa se te twòp atò.Ak bouda monnen yo te voye sou li pandan li t ap jigote atè a, li achte yon ti mamit klowòks epi l blanchi anndan l.

Se madan Fanò ki te pran timoun yo met sou sa li te gen deja.E mizè a te vin de fwa pi pwès.
Nan de mwa sèlman tout bagay sa yo te rive.
Epi yèswa Frederik pase pran Jakòb ankò

  • Jakòb! Jakòb wi ! Ou toujou ap fè moun pèdi tan, ann al jete fatra a non…

Mèsi Ayiti

Lè yon zanmi Jan te di miche l ap fè l jwenn yon djòb chofè nan yon bwat leta, Jan te tèlman kontan dlo kouri nan je l menm lè a. Li pat menm mande konbyen kòb l ap touche, li te kouri aksepte.
Paske bagay yo pa t bon nan kay la, depi sis mwa li te chita. Li t ap travay nan yon bank men kout dwèt te fè yo met do l atè nan travay la. Pandan peryòd chomaj sa, imilyasyon li te pran te prèske fe l paka leve tèt gade moun. Jan te dwe tout po dèyè l nan achte kredi ak prete kòb. Lè w gentan gen de pitit met sou li madanm ou ansent, ou blije demele w kou mèt Jan Jak pou pote yon kichòy chak lè ou antre nan kay la.Dayè Jan pa t menm di madanm li si li p ap travay ankò.Li pa t di pyès moun sa, fanmi madanm li deja pa t renmen fòm tèt li ,se te yon ti jenòm po jòn cheve siwo yo te renmen a lepòk.
Men yon swa anba yon lapli mwad me madanm li (anfen menaj li lè sa a) te sòti vin jwenn li ,Jan te vin di l pito l kraze yon kite sa. Men fanm lan te pase men nan tèt pwav li a epi li te di l:

  • Pa okipe w cheri ,tout ti moso kè m se pou ou.

Sa te bay Jan plis kouraj pou li te travay di chak jou, pou li pran swen grenn fanm Bondye te met sou latè pou li a.
Kòb li t ap touche nan leta a te de fwa pi piti ke sa li t ap touche nan ansyen travay la.Men Jan te kontab, kòm fòk li te toujou pwòp , li vin aprann ke lè yon chany byen netwaye soulye w nan jodi depi chans pou ou yo pa pile w epi pousyè pa salanbe w. Depi w byen fwote yon moso twal sou soulye a nan demen ,l ap klinn dòdòy.

Li te touche de premye mwa yo san pwoblèm, men aprè sa touman yo te tounen ankò.Sa te fè kat mwa depi yo t ap ba l pawòl ,chèk pa debloke, chèk pa siyen elatriye. Ti kras ankò yo t ap di l pa gen papye pou fè chèk yo. Madanm li te fini pa dekouvri tout bagay, paske gen yon jou Jan te antre ak yon dènye dezolasyon nan figi l.
Li te panse yo t ap resi ba l yon monnen ,men pou la pèn li te kondi patwon l lan kay veterinè. Se pat patwon an veterinè a ta pral konsilte menm si jan nonm sa te bèt la sa pa t ap etonan ,men se de gwo papa chen alman li t ap mennen.
Konsiltasyon chen yo te koute yon pil dola vèt, epi Jan li menm dènye fwa li te manyen yon dola vèt se lè youn nan marenn ti moun yo te voye ven dola pou fiyèl li.

Li te rantre nan kay la tou debousole epi li rakonte madanm li tout bagay. li t ap tann yon flo repwòch ke li te jwenn,men aprè madanm li te di l: « ebyen cheri nan mal nan mal nèt, jiskaprezan nou kenbe toujou, o mwen lè w touche yo ka tou ba w yon bon pati alós n a monte yon ti biznis pou n jere sa lè m akouche »

Ay fout, Jan te bo madanm li nan tout kò l, li gade vye plafon lafimen te fin nwasi a epi li mande Bondye, kilès li ye ki fè li jwenn yon fanm konsa.
Nan mwa sektanm lè madanm li te sou 8 mwa, peyi a te vin cho ,moun pa t ka sòti, se te dezòd toupatou. Lekòl pa t ka fonksyone, menm si menm inifòm potko kòmanse koud pou timoun li yo.
Sitiyasyon an pa t chanje se te latroublay toupatou, jiskaske yon bon dezè di maten tranche te pran madanm li.
Yo te pran kè jiska katrè paske bal t ap fè lago depi lanjelis te met pye bò lakay yo.

Jan te kite timoun yo lakay li, li di pi gran an:

  • pa kite ti frè w la sòti rete anndan kay la jiskaske m retounen, mete pwa sou dife fè manje, men telefòn manman w lan. Lè nou fini m ap rele nou.
  • Papa m prale tou
    Pi piti a te di ak dlo nan je, men manman an anba doulè a te di l:
    -Manmi ap vini cheri ,pa kriye lè m tounen m ap tou vin ak yon lòt moun pou ou nan kay la.
    Jan soutni madanm li epi yo fwete yon moto devan an.
    Anba anpil fòse redi ,chofè a aksepte pote yo pou 500 goud.
    Barikad toupatou te fè yo fè laviwonndede avan yo resi jwenn yon lopital.
    Men depi nan antre a yo te di ,yo p ap resevwa moun ankò.Jan te nève.
  • Bon ki mòd peyi sa? Men madanm mwen ap bay san nou di m nou pap pran moun ankò, n ap kite l mouri nan men m?
    Men repons yo te ba li a te pi pike toujou.
  • Mouche ou pa fwenk tande nou p ap pran moun ankò? Epi se pa mwen ki met peyi a kote l ye a,e se pa mwen tou ki te gwòs fanm ou an.

Madanm li t ap soufri, Jan te oblije soutni l bò lari a pou jwenn yon lòt moto,li potko menm fè klè.Jan tande:
-Cheri fwa sa a m pap ka pouse l non
-w ap pouse l cheri, w ap pouse l

Aprè yon bann siplikasyon ,yon lòt chofè dakò pran yo pou 250 goud Jan te ret nan pòch li a pou al depoze l. Men yo potko fè yon bon desann rive la al la ,yon gwoup nèg kanpe,yo di pa gen moun k ap pase.
Jan te bay tout pawòl li konnen.O kontrè gen youn ki rale yon zam li di:
-Gadon tenten mesye bon yo di misye li p ap pase,epi l ap bat bouda l.

Gen de moman nan vi a ou te met pitit mouton ,kouzen pijon ,lè bwa a mare ou blije chanje vizaj.Alòs Jan mare pwen l sou moto a epi li di:

  • Tonnèboule m se swa m pase swa ou tire m

Nèg la pete yon ekla ri epi li di:
-Ou gen grenn nan bouda w wi ou menm,mesye retire enpe blòk pou misye pase.

A la fen yo te resi rive jwenn yon lopital ki louvri,Madanm lan pa t ka kenbe kò l ankò tèlman li t ap soufri.
Men yo te jwenn yon lòt obstak ankò.
moun yo di si li pa bay 4000 goud sou plas, yo p ap met men sou madanm lan.

Jan pa t gen fòs ankò, li lage de jenou l atè.

-Mezanmi men kat travay mwen ,mwen t ap ka bay plis ke sa e m ap bay li.Sove lavi yo pou mwen non. Men de grenn doktè ak enfimyè ki te la gade l epi yo tchipe.
Youn di:

  • se pa malad ki manke isi a non mesye ,nou p ap riske vi n la pou nou travay gratis.

Jan te chita atè a nan koulwa a, te gen yon anpoul mal vise ki t ap limen etenn.
Madanm lan te kouche sou li, tèt li sou lestomak Jan.Li pa t ret vwa ankò li di:

  • Cheri m prale wi ,kontinye goumen ak timoun yo
    Jan t ap kriye san rete,li reponn:
  • Non manmi ou pa ka kite m, m p ap ka sipòte doulè sa .N ap jwenn yon doktè pran kè. Men madanm lan pat jwenn chans pou li di yon mo ankò,paske souf li te koupe.

Yon rigòl san mele ak dlo nan je t ap file nan koulwa a.Jan rete atè ak kò a nan men l jiskaske solèy leve.
Epi Tout moun nan lopital la tande yon gwo kri.Se te Jan ki tap di
Mèsi, mèsi Ayiti!

Sakrifis

Al nan yon lòt legliz ki pa legliz mwen, se pa yon bagay ke m renmen fè, mwen pa temwen Jewova men papa m te toujou ap rakonte m yon listwa de yon nèg ki mache nan mezi tout legliz li konnen nan kapital la, yon bon lè nan chase movèzespri nan yon legliz bò lakay li, youn antre sou li e kase kou l.
Mwen pa konn si se vre si se pa vre men sa w tande a depi lè a se sèl kote mwen jwenn tout fanmi m ye a se la m ye tou.

Dayè se la mwen te gen mayi mwen nan solèy, Victoria, bèl grenn fanm byen kanpe, m ap mande si pafwa lè pastè yo wè l ap antre legliz la si yo pa konn tante. Mwen te konsidere m tankou yon moun ki beni paske se pa mwen ki te premye nèg k ap file fanm sa, gen Jhonny li menm, mouche sa fè uit lane ap ekri powèm sou fèy blanch pou Victoria, m ap mande kote l te jwenn tout fèy sa yo.

Dayè mwen pa janm bliye pou Victoria te ban m nimewo l, se yon mòso li te pran nan yon fèy powèm li te fenk resevwa, sa te vin montre m klè li pa li bagay sa yo.

Lè m t ap pale avè l, sa te ka pran yon bon 5 mwa yo, se pa bagay ki te fasil pou mwen ditou, se fanm mwen bay plis pawòl avan m bon e menm aprè 6 mwa renmen, mwen poko ka fè menm yon ti bo donk si se te pou Victoria, jan yo konn di a mwen t ap mouri vyèj gason.

Mwen te anndan legliz men mwen potko batize paske mwen pa t vle al fè lèd, mwen potko santi m prè, pou m ta prè, mwen panse fòk pastè ta fè yon legliz fi, yon legliz gason men sa pa t ap sifi paske gen 2 medam ki te di yo se sèvant legliz ki ret tou pre bò lakay la, yo te konn ban m ti sèvis adomisil mwen lit lit, byen ke te vin rive yon lè, gen youn nan yo ki te di m li repanti donk li p ap ka vin ban m sèvis ankò.

Sa pa t fè m ni cho ni frèt paske sa k te pi an fòm nan te toujou jere m epi li ka ranplase.
Mwen te damou fou Victoria, si l te ban m goute menm yon fwa, mwen pa kwè mwen t ap fè tout bagay sa yo. Pafwa mwen konn wont li pou jan m wè li fè m konfyans epi m ap fè tenten sa yo.

Mwen te bay tèt mwen yon dat limit pou m met yon lòd nan tout sa yo men se te byen konte mal kalkile paske dyab la ta pra l atake m pi rèd.

Yon jou dimanch, nan kad resevwa lajenès lòt legliz nan asanble m nan, je m pra l tonbe sou yon ti pitit, ki fè pati de moun Bondye fè a de men yo, mwen menm mwen rele kreyati sa yo zanj.
Chans pou mwen, jou a, Victoria pa mete pye legliz la donk mwen tou pwofite rive sou ti blak la, dabitid se fanm po jòn menm jan a ti Vicky m ki entèrese m men fwa sa, mwen antere koze preferans sa a.

Aprè anpil pale anpil echanj nimewo fèt se lè sa mwen pral aprann ke li se pitit pastè legliz kote l mache a Kanapevè.
-M Panse e madan pastè ou pra l di m ou ye wi
-W ap fè m ri depi talè a, an jwèt kon sa papa m mande m pou m marye a yon pastè vre wi men..

Mwen koupe l nan pawòl la
-Men tout pastè w konnen yo marye pa vre?
-Bon se sa ki marye yo ki plis kole nan kò m

Menm kote a nou tou de ri byen fò, wa ta di se de moun ki te konn depi syèk dè tan.
Li vin fè lè pou l ale, bis legliz yo a vini.

-Orevwa Michel, m ap tann ou remèt mwen vizit la dimanch
Mwen fè yon ti souri ba li epi yon jès a tèt mwen san di yon mo paske kouzin Victoria pa t lwen m e lang li pa ret atè.

Se moun ki fè tripotay menm sou pwòp tèt li, mwen te manke bon sou li yon lè wi, yon samdi nan vin ban m ranje laptòp pou li pou l fè yon devwa prese prese. Tifi bliye sa l te vin fè li te plis kanpe sou ban m ranje l pito, pran agase m, se file lang li deyò sèlman e pran karese ti pekto m yo, sa w tande a baton, apènn mwen ta pra l atake aprè pil preliminè telefòn li vibre, se fiyanse l Jay ki t ap rele l pou fè priyè midi avè l, mwen sezi wè li pa t di Victoria bagay sa a. Franchman sanble bliye li bliye.

Dimanch te vin rive, m ap ezite si m dwe al nan legliz Samentha a,si m pa dwe ale epi kisa m pra l di Victoria, se ansanm nou toujou ale, se li ki toujou pase pran m sou ti Rav4 li a.
Mwen te menm anvi mande l prete machin nan men si l konnen mwen pral nan yon lòt legliz, l ap vle pou l ale tou. Mwen jis ekri l pou m di l li pa bezwen pase pran m, mwen pa prale, li pa menm reponn siman paske l fache.

Mwen pran moto pou legliz Samentha.
Mwen vin rive, chita bò kot ti lèzanj lan.
Sèvis la pa t mal e fason yo adore a pa t twò diferan de jan yo fè l nan legliz pa m nan tou. Lè m prale, mwen eseye envite l fè yon soti pou demen.
-Mwen ta byen akonpanye w wi, men demen m ap okipe anpil wi
-An! Pa grav
-Men sa w panse si ou remete l pou mèkredi, wa pase pran m aprè etid biblik?

San panse a etid biblik pa m nan legliz mwen, san panse a yon soti m te gen a Victoria pou nou al RevCine, mwen kouri di Samentha wi.

A bagay sa, w a ta di mwen te vin tou chanje legliz, tout jounen m Kanapevè, sa k pi rèd la menm priyè midi m se la mwen fè l jis pou m wè ti kòkòt la, mwen pa t fyè de tèt mwen ditou paske mwen te fatige de mòd kretyen sa mwen ye a, bon zanmi m yo gen yon mòd yo rele m « Vye chyen » pou kretyen. Kòm se pou trip mwen pa t konn di yo anyen men mwen pa t tolere yo di m sa devan Vicky.
Nan madi swa mwen pa t konn sou kibò pou m kouche tèlman m te prese , je m te ret kale la sou konn lè solèy midi pa jwenn nyaj pou bare l. Menm Vicky te etone wè jan m kontinye ap bal ti pawòl byen ta, mwen ki konn gen abitid domi bonè.

Jou mèkredi a te vin rive, e mwen ta pra l pase yon aprèmidi inoubliyab, nan mennen Samentha tounen, sou chimen retou a, li fè m konnen moun lakay li al nan vèy de nwi, san reflechi se gade m gade mwen wè m anndan kay, aprè anpil dyalòg, se gade m gade tou li monte sou mwen, lòbèy pran fèt, m ap mande si se sa pastè a ba l fè nan legliz li a sèlman. Apre sa mwen tande li di « nou mèt antre wi »
Epi mwen wè de lòt bèl medam debake nan chanm nan, kè mwen fè sa pou m al di sa k pase la. Samentha met dwèt li sou bouch mwen epi li di m: « Sa se de zanmi m, mwen te envite yo pou nou anmizen ansanm ».

Mwen te dezòd vre, men mwen potko rive nan nivo sa. Mwen ta pral di non, men lè m gade tout vyann sa yo k ap souri ban mwen an Sèvo m sot nan tèt mwen li desann nan yon pati ki anba nèt. Medam yo te pwopoze m yon jwèt kote y ap bouche je m epi m ap lonje menm manyen dèyè youn depi m jwenn dèyè kilès li ye m ap jwenn yon kado. San ezite mwen aksepte, nan de minit je m bande mwen te gentan ap lonje de men m pou m tate chè. Men bridsoukou mwen santi yon gwo chenn pase nan de men m yo epi pandan m pral reyaji, de pye m yo te gentan pran nan chenn tou. Yo retire bando a epi m wè chanm nan chaje moun k ap gade m. Mwen pa konn kilè yo antre ,mwen fè sa pou m rele anmwey, yo fouye twa kilòt nan bouch mwen, laperèz anvayi m. Yon gwo towo parèt li leve m sou konn m se yon pay, epi yo te pase dèyè kay la avè m. Towo a depoze m atè a. Samentha te gen yon kouto byen long nan men l.


Epi m tande genyen kap di:
« Tèt la pou mwen, ban m zouti a ,sa fè lontan mwen pa devore yon boul grenn ».
Mwen ta priye Bondye men franchman ak ki kouraj. Boksè m te gentan ranpli ak ni likid ni solid. Samentha ban m yon dènye rega sou konn yon demon,li souri epi li leve kouto a byen wo,
Epi…
Voup mwen leve nan dòmi apènn li te fè minui, tou swe, souf mwen byen wo, lè m gade mwen pipi sou mwen vre. Mwen met jenou m atè m priye, fè ve m ap resi chanje epi mwen bloke Samentha. Depi lè sa menm lide twonpe Vicky pa pase nan tèt mwen ankò.

Kouzin Epz 10

Yon jou mwen t al nan sinema ak Nathalie. Li te vle se fim womans, Bagay Roméo ak Juliette pou nou gade. Men kòm mwen te fin konnen l pa kè, mwen te di l ke li twò kapòn pou l gade yon fim dramatik. Sa w tande a, byen rapid li tonbe nan pyèj la.
-Gad koman l frekan, bon chwazi nenpòt fim djab ou vle pou wè si e pa ou k ap sòti ak pantalon w mouye aprè.

-Si pantalon m mouye, konn se ou ki pral pran vide koka w la sou mwen san w pa konnen lè laperèz pral anvayi w
-N a wè sa epi fè vit pou vin chèche m lan wi.

Mwen te gen pou m al chèche l depi anndan lakay li paske sa te gen kèk tan depi fanmi l te rekonèt mwen. Papa l pa t efreyan jan m te panse a, men kanta vwa miche mwen pa t janm rive abitye ak sa. Manman Nathalie menm se te yon dam byen dosil epi ki toujou ap souri.


Donk mwen te al chèche pitit fi yo a epi nou rive nan yon ti sinema ki nan Petyonvil la.

Lè nou rive devan an:
-Fè vit non Nathalie, fim nan pral kòmanse wi.

-O O, tann mwen fin achte pòpkòn nan non, ou menm ankò ki pral manje l nan men m

San di yo mo anplis, mwen tonbe souri pandan m lonje l men m. Se konsa nou te vin alèz, nou toujou ap takinnen lòt.

Pandan fim nan podyab li pat pran anpil tan pou l te sere men m byen fò tèlman li te pè.

Mwen pa t manke pa fawouche l tou. Aprè seyans lan, mwen di l:
-Bon mwen pral mennen w lakay ou wi, pou papa w pa wete tèt mwen nan plas li.A

-mwen pa sou antre lakay mwen kounya, mwen vle ret avè w toujou.

Fòk mwen di depi lè listwa Beatrice la, mwen te bat pou manyen kontwole santiman m yo jan m kapab.Jan yo di a chat chode nan dlo cho pè dlo frèt. Men jan Nathalie te gade m pou l di m sa a, mwen santi te gen yon baryè anndan m ki te tou louvri. Nou pike desann channmas al bwè krèm. Nou chèche yon ti kote apa pou n chita, epi Nathalie met tèt li sou zepòl mwen, li di m:
-Jay mwen ka di w yon bagay?
Mwen te gentan santi sa l ta pra l di m lan ,mwen di l:
« Depi kilè ou konn mande m otorizasyon pou pale avè m Natou »

-Oke, mwen santi…Jay mwen santi m gen santiman pou ou.

Li lage nan kòlèt mwen, byen sèk. De tout fason li te jis pran devan paske mwen pa t ap pran tan pou m di l sa nom plis. Se depi jou sa nou renmen. Chans pou nou, paran nou tou de te tonbe dakò pou inyon an alòs aprè de lane edmi, nou rive marye.

Li ban m 3 bèl pitit fi. Kòmkwa mwen pral blije veye nèg ki gen menm anvi m te genyen yo pandan vakans mwen te fin mande anraje a ,ak twa ti lèzanj nou yo.

Dènye pitit mwen an ki apènn gen yin lane, se li ki ban nou (madanm mwen avè m ) plis traka sòti nan gwosès pou ateri nan akouchman. Men vin rive li te pran plede malad. Aprè pwoblèm sa yo fin rezoud plizoumwen.
Mwen te vle fè madanm mwen yon ti plezi, mwen mennen l nan yon ti bal kote gwoup prefere l, « NU-LOOK », t ap jwe. Kòm te gen yon patnè m ki t ap mennen ti pa l la tou. Nou tou pwofite al ansanm.
Nou manyen delòk senti nou, paske sa te gen ti tan depi anbyans bout anba nou te bloke san barikad.

Aprè bèl ti sware sa, pandan n ap sòti, medam yo te gen pipi. Donk patnè m nan mennen yo al degaje yo pandan mwen menm te tou pwofite al deplase machin nan pou lè yo vini. Lè m prèske rive, mwen wè yon fanm apiye sou kapo machin nan pandan l ap fimen yon sigarèt.

Li te yon ti jan fènwa mwen pa t wè byen ,de tout fason mwen pa t janm twò renmen fanm ki fimen alòs mwen parèt byen move epi m di:
« Madam w a va eskize mwen, men mwen pra l deplase machin nan wi »
Li fikse m san bouje pandan nenpòt senk segond, bon chans pou li mwen pa yon moun ki gen gwo san paske si m te ba l yon ti pawòl pike li pa t ap demerite l.
Sanzatann li met men nan bouch li.
-Jay? Se ou ?
Vwa sa, m te gen lontan mwen pa tande l men mwen t ap rekonèt li nan mitan mil lòt. Mwen reponn ak tout yon sezisman nan kò m:
-Wi se Jay
-Gad kòman mwen sezi
Plis tan ke m pa t panse te pase, paske se nan moman sa patnè m nan te mennen medam yo retounen.
Madanm mwen vin kanpe kote m nan, epi siman poul tou make teritwa l li di m: »Papi ou pa prezante m? »

Mwen ta pra l reponn touswit men mwen fè yon ti frennen, mwen gade madanm mwen, mwen gade Beatrice, mwen fè yon ti souri epi m di:
« Cheri m ap prezante w Beatrice, se kouzin mwen… »

FEN

KOUZIN EPZ-9

Bonjou Jay, mwen espere ou anfòm.
M ap tou mande w padon davans menm si mwen konnen m pa merite l, paske pandan w ap Li mesaj sa se peyi a m ap kite. Mwen reflechi e mwen soufri anpil avan mwen pran desizyon sa.Men mwen vin wè se meyè chwa mwen ka fè ni pou mwen ni pou ou, mwen pa itilize kòb la pou m anfème kay la jan m te di w la, men pito pou mwen al Chili. Mwen konnen pa gen dlo ki pou lave m pou sa mwen fè w la , men si yon bagay te rive w akoz de mwen. Mwen te ka tou fou oubyen m t ap tou mouri, konesan mouche a de la tèt o pye, li t ap fini pa dekouvri ke ou pa kouzen m vre e li ta pral atake w, lè sa. Mwen pito lwen ou, si se pou pwoteje w. Si mwen ba w manti a se pou evite brize kè w pi plis paske menm si w te ban m kòb la pou m pati, mwen pa konn kilè m ap retounen. Mwen paka asire w mwen t ap alèz nan yon relasyon long distans nonplis. Epi tout bagay sa yo montre ke ou merite yon pi bon moun ke mwen.Ou se yon jenòm ekstraòdinè e ou se sèl moun tou ki rive reveye yon seri de santiman nan mwen ke move eksperyans lavi te fin touye.Mwen p ap janm bliye w paske ou chanje vi m.E mwen p ap eseye kontakte w tou, mwen pa wè ak ki kè m ap ka fè sa aprè tout sa mwen fè w sibi.Orevwa Jay, mwen swete ke w ap rive jwenn o mwen yon moun ki pou ba w tout lanmou ke w merite ».

Mezanmi mwen fin li mesaj la mo pa mo, tout manm mwen yo mouri lapoula.Kè m mande pou l pete lestomak mwen tonbe atè, e mwen t ap tranble kou yon fèy bwa. Mwen kòmanse kwè se lè mwen rele l epi gen yon dam ki di m nimewo sa pa an sèvis. Ayayay, panik mwen pa t piti.
Mwen al lakay mwen jis nan aprèmidi nèt paske mwen pa t gen fòs pou m kondi. Dayè ti kras ankò, mwen t al antre sou yon moto gare tou pre ansyen kay Bea, chans pou mwen pa t gen moun pre donk pa t gen anyen grav.

Kèk tan te vin pase, malgre tout efò pou m ta jwenn kontak Beatrice se te lave men siye atè se kòmsi li pa t kite okenn tras.

Manman m te vin retounen e mwen te fè tout sa m kapab pou m kache depresyon m nan , deja mwen te pran yon rado pale anpil pou kèk manti li te dekouvri nan pakèt sa m te ba l yo, sitou pou pil jou kou mwen te boule yo.

Mwen t ap depafini de jou an jou , e mwen tèlman reli mesaj Beatrice la, menm si yo ta mande m resite l nan dòmi mwen t ap bay li san manke yon yota. Li te tèlman manke m, si sèlman li te konnen… gade menm si li t al nan Ginen, mwen t ap reziyen m ret avèk li, petèt pa t ap gen gwosè vid sa sa nan kè m.
Gen de jou mwen te eseye konprann pouki li aji konsa ,gen de lòt menm, mwen pa t ka anpeche m rayi l, e kèlke fwa tou se pwòp tèt mwen, mwen pran repwoche.
Men kanta pou sispann panse ak Bea se te bwote dlo ak paswa.
Lannwit mwen yo menm te atwòs, tèlman somèy meprize m e mwen te boulvèse.
Se te yon moman enpòtan nan vi m, mwen aprann anpil bagay gras ak li, menm si mwen te soufri anpil, Bondye pou mwen li te met kèk sipò sou chimen mwen.

Nathalie avè m te vin pwòch anpil, nou te vin tonbe nan fè lòt konfidans. Malgre mwen pa t janm rakonte l listwa m ak Beatrice la. San li pa konnen, prezans li nan vi m te ede m simonte doulè a.

Manman m te rantre a yon fredi nan tout kò l, li te vin prèske kanpe sou tout aktivite l, sof ti pale anpil la, pousa li te oblije pran yon sèvant nan kay la, li te bezwen yon pèsonaj men li pa t ka jwenn li te vin reziyen l pran yon jenn demwazèl.
Fòk yon moun konnen pou di se sèvant nan kay la, fanm nan byen kanpe anplis manman m trete l tankou se pitit li, siman se de ti sè sa papa m t ap pale a, sèlman pwoblèm rad kout la li te gen avè l nan kòmansman men kòm nou te dat chalè li te vin bal vag.

Epi mete sou tout sa demwazèl la te vin alèz anpil avè m tou, se li ki te konn ede m ak koze jete manje nan poubèl sa, lè apeti m te koupe a, paske manman m pat konn sa mwen t ap travèse donk li t ap raboure m si l te wè m pa t vle manje.

Nathalie ak Dina, sèvant lan, se yo ki te vin pi bon zanmi m nan moman sila. Tout tan m te vin pou yo, si m ri konnen mwen bò kote youn nan yo, si m pran pale plis ke de minit konnen se ak youn nan yo. E ti kè m te pran bat jiskake mwen te vin renmen ak youn nan yo…

KOUZIN EPZ-8

-Alo bonjou kilès ou bezwen ?
-wi bonjou mwen ka pale ak Nathalie silvouplè?
-Ki moun ou ye ou menm?

Pandan m pral reponn ,mwen tande:
-Papa kilès sa?
-yon jenòm k ap mande pou ou, men non
-Alo
-Nathalie se Jay ou anfòm?
-An Jay mwen byen wi e ou? Talè, ban m yon ti tan… (se te pou l di papa l kilès mwen ye), aprè mwen tande gwo vwa di: « An oke ».

-Ou pa t di m si papa w te nan lame non.

Sa w tande a Nathalie lage yon ekla ri pou l di m: « Pa kòmanse non ti gason »


-Antouka, yon gwo sèvis wi mwen t ap mande w.
-kisa l ye la menm?

-Mwen t ap di w si demen ou p ap okipe anpil , konsa ou ta pase yon ti tan ap montre m kèk bagay pou egzamen an lakay la.
-Bon mwen p ap okipe men m pa konn si m ap ka vini non plis.
-Woy mwen p ap manje w non, si se pou paran w, m ap voye biyografi m ba yo kounye a si w vle.
Li ri, epi li reponn:
-Non okontrè pito yo pa konnen, m ap fè w konnen si m ap ka vini pita.
-Dakò, mèsi davans
-Ey mwen poko di w wi non
-M konnen ou p ap kite m tonbe.

Fwa sa se nou tou lè 2 ki pran ri epi mwen fini pa fèmen telefòn nan.

Dènye fwa m te pale anpil nan eta sa pou yon jounen, se te lè Kenley, ki se pitit yon zanmi manman m te vin pase vakans lakay la. Ayayay ti nonm sa te fè moun pale vre wi, vire tounen mwen te oblije ap bwè dlo tèlman li te fè m babye.
Pou fini ak tout pale sa yo, mwen rele Beatrice pou m di l tout bagay prèske anfòm, bò kote pa l li di m li kontan tande sa paske li gentan jwenn de kay se sa m pito a l ap chwazi. Aprèsa ti pawòl damou tonbe, ti planifikasyon fèt, elatriye.

Dòmi pa t pran tan pou l vòlò m akoz de tout fatig sa melanje ak kèm mwen te sot sikre a…

Nan maten, bonè bonè alam mwen reveye m

Nan etèn alam nan se konsa mwen al tonbe sou de apèl manke Nathalie ak yon mesaj kote l di m l ap vini. Mwen tann li fin jou epi mwen tounen l apèl la, bon chans pou mwen li te sou sa toujou. Donk nou pran randevou epi kou lè a rive m al chèche l yon kote. Nou vin rive nan kay la.

-Ou anvi bwè yon bagay? Ou mèt mete w alèz wi
-Yon vè dlo ap sifi, tanpri.

Li fin bwè dlo a epi nou kòmanse ak pratik la paske yo te anpil. Aprè yon kenz minit konsa, mwen tande:
-Ay…
-Sa w gen la?
-Yon epeng ki pike m
-Ban m wè

Li depoze ti men l sou pa m epi mwen wè yon ti gout san jayi nan tèt lemajè l

Bon chans pou li mwen pa kèk vanpi. Blese a te tou zwilit, men mwen te tou pwofite pou mwen vin pi prel. Mwen karese men an tou dousman ,epi mwen santi l fremi. Sa ankouraje m pwoche tèt mwen bò kote pa l. Chak lè mwen vin pi pre mwen santi li ap respire pi fò. E kounye a m ap wè manzè te gen bèl je.

Mwen rive kote mwen te vle rive a epi mwen pa konn sa ki pase m, mwen sonje Bea. Mwen rale tèt mwen.

-A li pa grav, pa enkyete w, yo p ap blije koupe dwèt la pou ti sa.

Li bay yon fòse ri ,li reponn mwen:
« Mwen byen kontan ,mwen te gentan pè la »

Tansyon an diminye ti kal pa ti kal,epi nou kontinye travay pandan yon de zè de tan konsa. Kòm papa m te voye kòb la ,lè m fin mennen l ale mwen tou pase pran l epi mwen envite Beatrice nan yon ti restoran. Lè nou rive, nou bay kont ti blag nou ,nou bwè epi mwen lonje anvlòp la ba li.

-Men li cheri, kòm ou te di m w ap mennen m wè kay yo pou mwen chwazi. M ap tann ou kounya.
-Mèsi bebe, men pou kay yo, malerezman gen yon lòt moun ki gentan pran yo, siman yo ofri plis kòb. Mwen gen yon zanmi m ki di mwen l ap mennen m al gade youn pita lè l sot travay.
-Ebyen oke,enpòtan sè ke kòb la disponib.

Li met men l sou pa m epi li di m ke li p ap janm bliye tout sa m fè pou li, espesyalman sakrifis sa.


-Se nòmal manmi, epi mwen konn kote m ap tire l
-Kòman w fè cho nan eta sa? Rete!
Nou pase yon bèl ti aprèmidi, apre sa nou chak fè wout pa nou.


Mwen te sou de jou mwen pa pran nouvèl Beatrice, mwen al konpoze ak tout enkyetid. Pandan egzamen an pral kòmanse mwen wè yon mesaj men longè monte. Mwen wè Se Bea ,men kòm lè a te rive mwen di m ap li l aprè. Se pa premye fwa mwen konn pa tande l pandan yon ti tan. Ou gen pou wè Se afè kay la ki resi regle,epi li pwofite met kèk ti pawòl pou fè kè m kontan ki fè mesaj la long konsa.


Mwen te byen degaje m nan egzamen an, mwen sòti ak kè kontan epi mwen al chita nan machin nan ak tout yon souri sou konn se ti lèzanj jis pou m te sa al li mesaj Beatrice la.

Mmmm… mwen kòmanse li, mwen annik bat je m epi souri a vole ale…

KOUZIN EPZ 7

-Banm kòb ou sot chèche a rapid.


Mwen te nan lari a se vre men te gen yon blokis tèt chaje, e menm si yon moun ta remake mouvman an kisa li t ap ka fè pou mwen?

Donk mwen deside reponn moun nan byen saj:

« ou mèt relaks wi m ap rale l lonje ba ou frè m »

Menm kote a mwen tande yon gwo ekla ri pati epi yon vwa ki pa enkoni di: « An e konsa ou lage kò w nan lari a pandan w sot labank ebyen ou gen vi de rechanj » ?

Presyon bò kòt mwen an lache ,moun nan di m, mwen mèt vire. Lè mwen fè sa, mwen wè Se Jakòb ki kenbe yon ti boutèy ji nan men l epi k ap griyen dan l.

Mwen ak Jakòb nou leve ansanm bò lakay la men mwen pa t janm siye kajou ak miche. Pou mwen li te gen kèk demon nan tèt li paske depi lontan plezi miche se te kache nan fènwa fè moun pantan. Mwen menm kwè ,li te voye grann Li lopital yon lè ak vye jwèt sa yo.Men fwa sa a misye te rive twò lwen.


-Jakòb e granmoun ou ye wi menn, si m te fout ou yon kout pwen kounya? Bon kilè w ap grandi?
-Kilè w ap veye kò w nan lari a ou menm?

Epi li sanwont, mwen ta di misye de mo wi men pou sa yo di l deja mwen pa kwè se ti pawòl mwen an ki t ap rive sou li. Mwen gad batwèl figi mouche a, mwen tchipe epi mwen pran machin nan m al fè wout mwen.


Nan peryòd sa tout plezi m yo te sanse kanpe. Sèl lòt aktivite mwen t ap regle ki pat gen rapò dirèk ak Beatrice, se te kou wot kouti a. An palan de li dènyeman mwen te fon pase byen rapid ladan l. Mwen patka rete paske mwen te gen yon randevou men mwen te pwofite pran nimewo Nathalie (se konsa demwazèl mwen te travay a de dènyeman te rele). Konsa li ta ban m kèk eksplikasyon sou sa mwen rate yo sitou egzamen te prèske rive.


Sou senk jou, twa ka nan kòb la te gentan rasanble, epi mwen te di pou rès la mwen pral lage yon manti nan kò papa m.

Kou mwen rive lakay la mwen te bwè yon ti dlo aprè sezisman Jakòb te fin flanke m nan. Aprè m tou pwofite rele lepè a , jan yo konn di a « bat fè a pandanl cho »


-Alo papa
-wè monchè konsa ou lage nou nèt,mwen pa sonje ou te meprizan konsa non. Ekspre nou fè nou pa rele w tou wi
-Pa di sa papa, ou konnen nèg pa gen twòp tan epi m te vle kite w anmize w ak madan m lan san m pa deranje nou…
Miche ri, li di m: « ou fin dezòd nèt ,gad may w’ap ban m »

Mwen pat pale souvan ak papa m vre men se yon nèg mwen te gen anpil respè pou li pou jan karaktè l ye. L ap bay kont blag li avè w men li konn kilè pou l serye. Kòm de twa blag gentan tonbe m ap pi alèz pou m fè demand lan kounya.

-Tande non papa m gen yon bagay m ap mande w wi
-E sa m konnen ,ou pa t ap rele m pou konn kijan m ye sèlman.

Mwen pase sou sa byen vit paske mwen pa t sou blag ankò. Mwen di l ke mwen gen yon gwoup zanmi k ap monte yon ti antrepriz e mwen te vle envesti ladan l tou. Nou pa menm pran anpil tan ap pale de sa li gentan dakò pou l voye kòb la. Papa m se yon Nèg ki renmen pwogrè, mwen te gentan konnen li pa t ap refize ban m kòb la.

-Bon ebyen mèsi wi, salye manman m pou mwen. Pwofite byen paske talè konsa l ap tounen daprè sa l te di m.
-Mèwi m ap voye l tounen ak yon ti sè pou ou, la manyen manje kòb ou tou.


Jounen a te pase jan m te vle a sof ti pati ki te gen malandren an. Mwen pran yon bon beny, mwen al nan lasal la pou m tè fon ti manje, kounya mwen te rete pou m rele Nathalie pou koze eksplikasyon yo.

Sou dezyè m son an lè mwen atann se ti vwa l la ki pral vin nan zòrèy mwen. Mwen wè son gwo vwa byen graj ki reponn…

KOUZIN EPZ 6

Kreyòl pale kreyòl konprann, men mwen te anvi ogmante tansyon an yon ti kras toujou. Mwen di l:
« Lè m ap rense do w rad mwen yo ap mouye wi »

-Kiyès ki di w, ou oblije ret ak rad?

O o sa w tande a nan de twa mouvman nou te gentan nan douch la, mwen pa sonje si m te ede l lave do l. Men mwen sonje m te pase menm nan chak kwen kòl sof petèt nan fant… (Bon anfen)

Mwen te mete wobinè a yon fason pou dlo a pa koule a presyon, pou l file desann sou nou tou dousman, tanperati a menm te ideyal.
Lang mwen t ap fè lago ak ti gout dlo ki t ap koule sou li…

wa konn se lè sòs pwa glise nan arebò ti bòl yo epi timoun visye al kwaze avè yo pou yo pran niche je fèmen.

Ayayay se kòmsi tan an te kanpe tèlman nou pat prese. Li pa t ret inaktif tou non li menm. Aprè li fin jwe kont li ak levye vitès mwen, li fè yon ti bese men se pa savon li t ap ranmase atè a antouka. Gen yon chalè ki anvayi anba ti vant mwen, m kouri apiye nan yon mi paske de pye m te gentan ap pèdi tè.
Wololoy, fwa sa mwen pa kite l mande m anyen, nou fin fè kont dezòd nou aprè n al fini a sa nèt nan chanm nan.
Aprè moman sa a, mwen pa kwè bon nanm mwen te sou mwen, paske mwen te prè pou m al chèche yon pannye zetwal gwo midi pote ba li.
Pandan nou makonnen ,mwen t ap jwe nan cheve l ki te tou mouye.

li pwofite di m:
« Jay pa di se chalè m ap ba w non men si w te ka pa pran twòp tan pou fè demach yo mwen t ap kontan wi cheri »

-Mwen konprann, mwen panse nan yon semèn m ap jwenn kòb la. Men ou poko di m konbyen w ap bezwen non
-Mwen te yon ti jan anbarase pou m di w yon kantite fiks, mwen konnen ou t ap toujou mete m yon kote plizoumwen konfòtab. Kòm ou mande m, mwen te espere yon senkant mil goud yo, sitou mwen gentan gen yon ti ekonomi k ap dòmi lontan sa.

Sa w tande a menm kote a, m vale saliv mwen , m souke tèt mwen anwo anba ba li san di yon mo anplis.

Beatrice te fin ale. Mwen al chita sou yon ti biwo manman m te bay fè pou mwen depi lè mwen t ap fè segond paske mwen te renmen gaye zafè m yo atè twòp lè m’ ap fè devwa.
Ti biwo sa te tou vin sèvi m lè m ap planifye yon bagay enpòtan.

Depi lontan lè moun dwe m mwen pa janm alèz pou mwen mande yo lajan. Men nan moman an se te premye opsyon m sitou lè mwen kòmanse fè lis jèn bway ki dwe m depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn, mwen konstate ke mwen pa t pran yon gwo moso papye pou granmesi. An total mwen te gen anviwon trant nèf mil goud deyò, san konte sa mwen bliye ak lòt ke mwen konnen zam te mèt kole bò tèt yo, yon penich p ap sot nan men yo. Operasyon « kale m kòb » mwen an te louvri.
Mwen pase plis ke kenz apèl nan sware a,e mwen jwenn yon seri de pawòl tèt anba tou.
Youn te gen yon fanm gwòs, yon lòt te fenk sot bay kòb pou antèman, epi chaje ki te gentan andeyò

Men sa pa t anpeche nan twa jou mwen rasanble mwatye nan kòb la.
Mwen te rete pou m al pran yon bon pati sou kanè bank mwen. Ou pa janm konnen nan kole pyese la rive

Pandan m sot chèche lajan an, kòm mwen te gare a yon bon ti distans (akoz pa t gen twòp espas lib) alòs mwen fè ti mache a, epi lè mwen rive bò machin nan, konsa m rete mwen santi yon bagay di bò kòt mwen…

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer